POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 19 oktòb 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

CHÈF KUIZIN MIAMI PRAL RANKONTRE AK “GODFATHER OF NUEVO CUISINE” (PARENN NOUVO KUIZIN) – CHÈF SELÈB DOUGLAS RODRIGUEZ – POU PREZANTE PLA GOUTE APETISAN NAN 2YÈM ANYÈL “COOKING UP DREAMS” (NOURI RÈV KUIZIN), POU SIPÒTE M-DCPS

Sa fè dezyèm ane suivi, tòp chèf kuizin Miami pral rankontre ak Chèf Selèb Douglas Rodriguez pou prepare yon aprèmidi remakab pou goute manje ki vize pou ogmante konsyantizasyon ak sipò finansye pou pwogram edikasyon inovatif elèv Miami-Dade.
 
Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County, Alberto Carvalho, an konjonksyon avèk Julie Grimes, Patnè Manadjè Hilton Bentley Hotel, ak Greater Miami ak Asosyasyon Otèl ki sou Plaj yo pral envite kèk santèn moun ki renmen fè manje nan Miami pou vin goute bonjan manje tòp chèf kuizin lokal yo prepare.
 
Evènman an ap fèt 1ye novanm 7:30-10:30 diswa, nan Grand Ballroom nan DoubleTree Grand Hotel Biscayne Bay, 1717 North Bayshore Drive.
Tikè yo se $75 nan Ticketweb.com oubyen $100 nan pòt la, e pwofi yo pral benefisye “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc.).

Moun ki ap rankontre ak Chèf Rodriguez De Rodriguez Cuba se Chèf Timon Balloo, Sugar Cane Raw Bar Grill; Chèf Susan Bleemer, Catering the Event; Chèf Steve Calandra, DoubleTree Grand Hotel Biscayne Bay; Chèf Julie Frans, Essensia at The Palms Hotel; Chèf Lorena Garcia, Top Chèf Masters (Season 4); Veronica Hurtado, Sweet & Tipsy Cupcakes; Chèf Richard L. Ingraham, chèf pèsonèl Dwyane Wade; Lucila, Sweet Art by Lucila; Chèf Bernie Matz, Bernie’s L.A. Café Latin American; Chèf Allen Susser, Chèf Allen’s; Chef Tony, Tony Chan’s Water Club; Chèf Carlos Torres, 660 Angler’s; Chèf Kris Wessel, Red Light Little River; ak Chef Mario Tan, Casablanca Restaurant.

Patwonè evènman an gen ladan Doubletree by Hilton Grand Hotel Biscayne Bay, Hilton Bentley Miami/South Beach, ak Greater Miami avèk Asosyasyon Otèl sou Plaj yo.
 
Pou plis enfòmasyon sou Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc., vizite www.giveourstudentstheworld.org.

 

###

12-JS/517/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès