POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 23 oktòb 2012               

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ENSTITI RECHÈCH ANVIWÒNMAN TERRA SE GAYAN YOUN NAN SENK BOUS $10K KI SOTI NAN MEN CHANTÈ TAYLOR, CHEGG

Enstiti Rechèch Anviwònman Terra te youn nan senk enstitisyon edikasyonèl atravè peyi a ki genyen $10,000 bous ki soti nan men chantè/ekriven-chante Taylor Swift ak Chegg, yon konpayi ki prete liv lekòl sou Entenèt Ozetazini.
 
Plis pase 14,000 lekòl te rantre nan konpetisyon pou yon chans pou genyen yon bous. Konkou a te ouvè pou kolèj ki “acrcredited” (otorize) ak 48 lekòl segondè ki nan eta tou pre.  Pandan plis pase yon mwa elèv te vote pou lekòl yo.  Senk lekòl an tèt ki gen plis vòt nan fen konkou a chak resevwa yon $10,000 bous pou depatman mizik yo ki soti nan pwogram filantwòp Taylor Swift ak Chegg, “Chegg for Good” (Chegg pou Bon).
 
Sa ki gen plis-vòt la genyen tou yon konsè ak Swif sou kanpous yo.  Kolèj Harvey Mudd nan Claremont, Calif., genyen prim nan.
 
Chegg pou Bon se pou mandate elèv pou sèvi kòm katalizè pou chanjman sou kanpous yo nan kominote yo, e atravè lemond.
 
Pou plis enfòmasyon, vizite www.taylorswiftoncampus.com/.

 

###

12-JS/519/HD/CF

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès