POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 25 oktòb 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ANILE TOUT AKTIVITE DEYÒ POU JEDI 25 OKTÒB

Akoz efè Siklòn Sandy ak move tan an ki ap kontinye, aktivite Lekòl Leta Miami-Dade County ki ap suiv yo anile pou jodi a, 25 oktòb 2012:

        ·         Aktivite deyò apre lekòl yo
        ·         Repetisyon yo
        ·         Tout evènman atletik yo
        ·         Klas Edikasyon Adilt yo

Nou ap ret tann yon desizyon sou posiblite pou anile aktivite vandredi 26 oktòb 2012 yo.

Pa gen nesesite pou nou fèmen lekòl vandredi 26 oktòb, paske se yon jou planifikasyon pou pwofesè.


###

12-JS/521/HD/SD

 

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès