POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 26 oktòb 2012                    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO MEYÈ LIDÈ DISTRI  POU ANE A NAN DONE ESTATISTIK

MIAMI – “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) nonmen Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho gayan Prim Meyè Lidè Distri nan Done Estatistik jodi a.  

Yo rekonèt Carvalho pou inovasyon ak efikasite li pote nan itilizasyon done estatistik pou dinamize pèfòmans elèv.  Yon komite seleksyon te entèvyouve finalis yo e li chwazi sipèentandan lekòl ki itilize estrateji inovasyon yo pi byen nan rechèch sou done estatistik yo, ki chèche nouvo metòd ak opòtinite pou amelyore itilizasyon done yo, e ki konstwi patenarya nan mitan kominote a pou ranfòse sipò nan sèvi avèk sistèm done yo.  

FLDOE, nan patenarya avèk Microsoft, te lanse pwogram nan an 2010 pou aksantye sou wòl enpòtan lidè distri yo jwe nan sipòte e ankouraje itilizasyon done estatistik yo, e nan kominike aspè pratik yo genyen pou pwofesè, administratè, paran, elèv ak lòt moun ki gen enterè nan edikasyon.

 

###

12-JS/526/GC/CM   

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès