POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 7 novanm 2012      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DISPONIBLITE POU MEDYA

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap rankontre avèk medya ki enterese jodi a a 2:30 nan aprèmidi nan Lekòl Elemantè Southside, 45 S.W. 13th Street, Miami, pou diskite sou referandòm bon $1.2 milya votè yo te vote yè a. 

Bon yo pral ede amelyore pwoteksyon ak sekirite nan bilding lekòl yo; renove oubyen amelyore chak lekòl; garanti egalite nan teknoloji atravè tout lekòl yo; chèche lide moun ki gen enterè yo pandan n ap minimize fado pou takspeyè yo; pwomote pi gwo patenarya piblik/prive; ofri opòtinite pou devlopman ekonomik ak travay nan kominote nou an; e ofri transparans ak konfidans avèk komite konsèy e sipèvizyon sitwayen pou asire distribisyon pwojè yo fèt alè e ak egalite. Sipèentandan Carvalho garanti 100 pousan re-envestisman fon lokal yo.

###

12-JJS/534/TLS/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès