|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 9 novanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL ELEMANTÈ CHRISTINA M. EVE RANPÒTE PRIM NASYONAL “BLUE RIBBON”
Lekòl Elemantè Christina M. Eve te pami sèt lekòl leta Florid Depatman Edikasyon Etazini nonmen gayan nasyonal 2012 Lekòl “Blue Ribbon”. Yo pral rankontre ak 219 lekòl leta atravè peyi a nan yon seremoni prim lendi 12 novanm, nan Washington, D.C.
Pou kalifye pou prim nasyonal la, lekòl yo dwe klase pami pi gwo lekòl nan eta yo a oubyen yo te demontre yo fè gwo pwogrè an jeneral nan akonplisman elèv nan toude, lekti ak matematik. Lekòl Elemantè Christina Eve, ki te ouvè an 1999, se yon lekòl “A” ki lokalize nan yon kominote miltikiltirèl West Kendall ki gen anpil siksè.
Pwogram Nasyonal Lekòl “Blue Ribbon” nan rekonèt lekòl leta ak lekòl prive elemantè, mwayen ak segondè kote elèv yo pèfòme nan nivo ki trè wo oubyen kote yo ap fè amelyorayson siyifikatif nan nivo akonplisman akademik. Depi 1982, Pwogram Lekòl Nasyonal “Blue Ribbon” Depatman Edikasyon Etazini onore lekòl leta ak lekòl prive elemantè, mwayen, ak segondè nan Amerika ki gen plis siksè.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram BRS la, vizite Pwogram Lekòl Nasyonal “Blue Ribbon” nan www.ed.gov/programs/nclbbrs/index.html.
###
12-JS/535/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |