|
YO AP REKONÈT DIREKTRIS LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH NAN DEJENE PRIM “LEONARD MILLER PRINCIPAL LEADERSHIP” Yo ap rekonèt direktris lekòl leta Miami-Dade, Dtè. Rosann P. Sidener nan Lekòl Segondè Miami Beach, nan 10yèm Dejene Prim Anyèl “Leonard Miller Principal Leadership” mèkredi 14 novanm. Konsèy pou Chanjman Edikasyonèl la pral onore li avèk yon chèk $10,000 nan University of Miami’s Newman Alumni Center, ki lokalize nan 6200 San Amaro Drive, Coral Gables. Depi fondasyon li, Konsèy la bay prèske $7 milyon resous pou lekòl Miami-Dade County yo. Dtè. Sidener ak Lekòl Segondè Miami Beach te patisipan nan toude, pwogram PASS ak Egzekitif PASS. Kòm yon pati pwogram PASS la, Konsèy la matche $100,000 avèk $100,000 fon prive pou sèvi nan ogmante akonplisman elèv. Toude pwogram sa yo sèvi ak patenerya ant direktris la ak yon Ofisye Egzekitif Anchèf bizinis. Prim nan onore defen Leonard Miller, yon defansè renome pou edikasyon. Msye. Miller se te fondatè Konsèy la e ansyen chèmann òganizasyon ki te la anvan li a, “South Florida Annenberg Challenge”. Prim nan rekonèt kapasite direksyon lekòl egzanplè nan twa domèn: akonplisman elèv, patisipasyon paran/kominote, ak ranfòsman kapasite pou dirije lekòl. ### 12-JS/536/HD/RL
|