POU DIFIZE IMEDYATMAN
20 Novanm 2012         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ANTRE NAN ALYANS PWOMÈS NASYONAL POU GRADYASYON KOMINOTÈ NAN AMERIK

MIAMI – Plis pase 50 kominote atravè tout peyi a pran angajman pou ogmante to gradyasyon nan lekòl segondè lokal a 90 pousan nan ane 2020.   Inisyativ “Grad Nation Communities” (Kominote Gradyasyon nan Peyi) a kreye yon rezo nasyonal vil, vilaj ak konte ki pran angajman yo pou amelyore to gradyasyon nan lekòl segondè nan konsantre sou jèn moun ki gen plis bezwen e angaje li nan yon kolaborasyon atravè tout sektè yo.  

Pou yo ka vin yon Kominote Gradyasyon nan Peyi a, vil ak vilaj yo dwe remèt yon aplikasyon ki bay tout detay sou kijan yo pral entegre moun ki konsène nan tout sektè yo nan yon efò pou ogmante to gradyasyon lokal atravè konsantrasyon nan domèn espesifik.  Kolaborasyon tout sektè yo se yon aspè ki trèzenpòtan.  Kominote yo dwe idantifye tou yon lekòl oubyen yon distri lokal ki pral objè konsantrasyon ak efò yo e bay rapò sou pwogrè ak defi yo anyèlman.

Kòm yon kominote Gradyasyon nan Peyi a, Lekòl Leta Miami-Dade County ak yon kantite antite gouvènman lokal ki enspire ap travay ansanm, nan fòme konpak edikasyonèl kominotè, pou aliyen resous ak enplemante pwogram inovatif pou ekipe elèv yo avèk zouti yo bezwen pou lekòl e apre. “College Access Community Partnership (CPSP)” (Patenarya Kominotè pou Aksè nan Kolèj) se yon gwoup ajans, enstitisyon edikasyon siperyè lokal nan kominote a, ak biznis lokal ki mete ansanm pou aliyen pwogram ak sèvis pou enfliyanse preparasyon, aksè, ak siksè nan kolèj.

Semèn pase a, manm patenarya CPSP yo te rasanble pou patisipe nan pwosesis devlopman yon nouvo Plan Estratejik ak eleman Vizyon, Valè Debaz, e Objektif li yo.  Pwosesis kolaboratif sa a gen ladan yon revizyon enfòmasyon konsènan tout distri a ki gen rapò ak eta aktyèl distri nou an nan domèn to gradyasyon, preparasyon ak akselerasyon pou kolèj.  Anplisdesa, dyalog la te devlope pou l gen ladan posibilite lòt moun ki gen enterè ki ka ede sipòte efò patenarya sa a.

Pou enfòmasyon, silvouplè kontakte Deborah A. Montilla, Divizyon Sèvis Elèv, nan 305-995-7324 oubyen lèt elektwonik dmontilla@dadeschools.net.

 

###

012JJS/543/TC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès