|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 novanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DIREKTÈ LEKÒL ELEMANTÈ NORWOOD RESEVWA $25,000 KÒM
PRIM EDIKATÈ MILKEN
Dtè. Kevin Williams, direktè nan Lekòl Elemantè Norwood, pa t konnen yo t ap onore li avèk Prim Edikatè Milken ki soti Fondasyon Milken semèn dènyè pandan yon evènman nan lekòl la. Donk lè yo te site non li pou l resevwa yon chèk $25,000, li te sezi anpil.
Lidè refòm edikasyon Lowell Milken te kreye Prim Edikatè Milken yo an 1985 pou selebre, leve nivo e aktive ekselans nan pwofesyon an. “Teacher Magazine” (Revi Ansèyman) pale de yo kòm “Oscars of Teaching” (Prim Ansèyman).
Jiska dat sa a, yo onore, plis paske 2,500 pwofesè K-12, direktè ak espesyalis toupatou nan peyi a avèk plis pase $63 milyon nan prim. Dtè. Williams se yon pwodui Miami-Dade e li te kòmanse karyè ansèyman li an 1998 kòm yon pwofesè matematik nan Lekòl Elemantè Norwood. Li te retounen an 2010 pou l ranpli fonksyon li ye kounye a kòm direktè, nan sèvi avèk yon apwòch pratik pou l responsabilize pwofesè ak konseye elèv. Konsantrasyon li sou akonplisman elèv ak devlopman pwofesyonèl pou pwofesè nouri yon kilti ekselans ki ane dènyè te abouti a pi gwo nòt Lekòl Elemantè Norwood te janm resevwa.
###
JS/544/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |