POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 novanm 2012       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO CHWAZI HANTMAN, KARP POU DIRIJE KOMISYON KONSÈY                   
LEKÒL MIAMI-DADE

MIAMI – Yo eli Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl e Chèmann ane pase a pou yon sizyèm fwa pou prezide Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County pou ane ki ap vini an.

Madan Hantman di, “Se yon vrè onè pou manm Komisyon Konsèy parèy mwen yo fè mwen konfyans avèk responsablite sa a.  Mwen ap kontinye travay nan tèt ansanm avèk yo pou bay tout elèv Lekòl Leta Miami-Dade County meyè edikasyon posib.”

Yo te eli Madan Hantman inisyalman nan Komisyon Konsèy Lekòl la an 1996 pou reprezante Distri 4.  Li te premye fi Ispanik ki te sèvi kòm Chèmann.  Sa fè dezyèm fwa kòlèg li yo eli li pandan twa ane youn apre lòt.  Premye fwa yo se te an 1999, 2000 ak 2001, e kounye a an 2010, 2011 e 2012.

Dtè. Martin S. Karp te prete sèman pou reprezante Distri 3 pou yon twazyèm tèm e yo te chwazi li tou kòm Vis Chèmann.  Yo te li li inisyalman nan Komisyon Konsèy la an 2004.  Li te travay pou Distri a kòm yon pwofesè  e li enterese anpil nan divès sitiyasyon ki reflete meyè enterè elèv, tankou kou syans Pratik ak pwogran ar, asire tout elèv ki gen bezwen espesyal resevwa sèvis apwopriye, ak ekstansyon lang etranjè.  Li te sèvi avan kòm Vis Chèmann an 2006.

Susie V. Castillo te prete sèman pou premye fwa kòm Manm Komisyon Konsèy pou Distri 5.  Dtè. Wilbert “Tee” Holloway, Carlos L. Curbelo ak Dtè. Lawrence S. Feldman te prete sèman pou reprezante Distri 1, 7 ak 9 respektivman.

###

12-JS/545/HD/CM

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès