Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal Lekòl Leta Miami-Dade County ap anonse iWorld!, yon ti kominote “iLearners” (Moun k ap Aprann) ak “iEducators” (Edikatè) ki ofri aksè global atravè diferan aprantisaj pou elèv imigran ESOL lekòl segondè ki fèk antre sot nan lòt peyi. Avèk finansman “Title III,” pwogram nan se yon patenarya kolaboratif avèk Edikasyon Pearson.
Pwogram nan fòme pwofesè ESOL pou sèvi ak “iPads” pou anseye lekti e pou sèvi ak “E-Text” e “Apps” pou ofri sipò nan leson patikilye ak enstriksyon nan matyè. Elèv yo pral patisipe nan yon estil konferans de-jou yo rele “iSummit”. Pearson fè fòmasyon pou elèv ESOL aprann kòman pou sèvi ak “iPads” pou yo tounen moun k ap aprann sou Entènèt.
Yo te chwazi elèv elijib nan anchènman lekòl sa yo: Lekòl Segondè North Miami, Lekòl Segondè Westland Hialeah, Lekòl Segondè Hialeah Gardens, Lekòl Segondè South Miami, Lekòl Segondè Coral Gables ak Lekòl Segondè Miami Coral Park.
Enplemantasyon iWorld! ap kòmanse an janvye 2013.
|