POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 novanm 2012         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ODITÈ EKSTÈN BAY DOKIMAN FINANSYE DISTRI LEKÒL LA
PI GWO OPINYON

Oditè ekstèn McGladrey, LLP, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), resamman prezante distri lekòl la pi gwo opinyon yo ka mete sou rapò finansye.

Nan yon rapò resan, oditè yo te konkli, dapre opinyon yo, “…rapò finansye debaz yo… rezonableman prezante, nan tout aspè materyèl, pozisyon respektif Komisyon Konsèy Lekòl la jiska 30 jen 2012, e konsa chanjman respektif nan pozisyon finansye yo, pou ane a te fini an konfòmite avèk prensip kontabilite yo jeneralman aksepte Ozetazini.” Langaj sa a reprezante yon opinyon ki pa kalifye, ki se pi gwo opinyon yo ka mete sou rapò finansye. Yo pa t fè okenn ajisteman nan odit rapò finansye orijinal distri lekòl la te prepare e yo pa t rankontre okenn dezakò avèk direksyon an sou aplikasyon gwo prensip kontabilite siyifikatif.

M-DCPS resevwa sètifika ekselans nan men Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman an pou 27 ane e nan men Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl pou 28 ane.  Nan kòmansman ane a, “Council of the Great City Schools” (Konsèy Lekòl nan Gran Vil) yo te prezante distri lekòl la tou Prim Ekselans dezirab nan Jesyon Finansye. Depi kòmansman prim nan sizan desa, Konsil la sèlman te bay prim sa a nan de lòt okazyon. M-DCPS se premye gwo distri lekòl iben ki te resevwa prim nan.

Komite Konsèy sou Odit ak Bidjè Komisyon Konsèy Lekòl la pral revize rapò sa a nan reyinyon 4 desanm 2012 la e pral fè rekòmandasyon apwopriye.

###

12-JJS/548/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès