POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 novanm 2012                   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SISPANSYON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY DESANN DE ANE A ANE

MIAMI – Sispansyon elèv anndan ak deyò “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) desann anpil pou premye peryòd nòt la konparativman ak menm peryòd la ane lekòl dènye.  Sispansyon anndan desann a 21 pousan pandan sispansyon deyò desann a 31 pousan.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te kreye yon Komite espesyal pou revize Kòd Konduit Elèv nan kòmansman ane a pou gade deprè règ ak dokiman ki la kounye a konsènan sispansyon elèv.  Travay komite a te abouti a ajisteman administratif ki idantifye solisyon disiplinè altènatif ki adrese ak efikasite kesyon sou konpòtman pandan li kenbe elèv la nan yon anviwònman aprantisaj konstriktif.  

Administratè lekòl yo rekonèt sispansyon deyò lekòl se rezilta pèt tan valab nan salklas e ka bloke oubyen limite abilite yon timoun pou l resevwa yon edikasyon dekalite, yon diplòm, ak yon karyè pwodiktif. Pou jèn ki pi vilnerab yo, an patikilye minorite yo, sispansyon sa yo souvan abouti a pwoblèm andeyò lekòl ak lakay. Pa konsekan, (MDCPS) mete gwo enpòtans sou rediksyon sispansyon andeyò lekòl – kenbe yon anviwònman edikasyonèl ki gen disiplin e ki gen sekirite, san yo pa ranvwaye elèv, eksepte nan ka ki pi grav yo.  

Yo rekonèt distri lekòl la pou rediksyon ensidan ak arestasyon jivenil nan ane resan yo. Tandans rediksyon sa a kontinye atravè premye peryòd nòt ane lekòl sa a.

 

###

12-JJS/549/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès