POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 3 desanm 2012         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ADMINISTRATÈ FIU YO ONORE CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL PERLA TABARES HANTMAN AK SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO

Komisyon Administratè “The Florida International University (FIU)” (Inivèsite Entènasyonal Florid) te onore Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County Perla Tabares Hantman ak Sipèentandan Alberto M. Carvalho dèske yo kontinye ak angajman yo pou ekselans nan edikasyon nan yon seremoni ki te fèt nan inivèsite a 29 novanm.

Komisyon Administratè a prezante onè a bay “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ann apresyasyon pou “2012 Broad Prize for Urban Education,” yon prim anyèl li fèk resevwa ki onore distri lekòl iben ki ap fè pi gwo pwogrè atravè peyi a nan ogmante akonplisman elèv. Sa fè senkyèm fwa yo te rekonèt M-DCPS kòm yon finalis. Distri a te yon finalis tou an 2006, 2007, 2008 ak 2011.

FIU ak M-DCPS fòme yon patenarya ki rele ACCESS, oubyen “Achieving Community Collaboration in Education and Student Success” (Akonplisman Kolaborasyon Kominotè nan Edikasyon ak Siksè Elèv).  ACCESS gen ladan pwogram ki vize edikasyon minoritè, fòmasyon pwofesè, leson patikilye, devlopman nan direksyon akademik ak preparasyon pou kolèj, ki kontribye nan viktwa Prim “Broad” la.

Anba direksyon Prezidan Mark Rosenberg, FIU te ekstrèmman sipòte siksè Referandòm Bon Lekòl M-DCPS la, ki pral pwodui $1.2 billion pou renovasyon lekòl, konstriksyon ak amelyorasyon nan teknoloji.

 

###

12-JJS/551/JS/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès