POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 6 desanm 2012     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS FINI YON ANE ENPRESYONAN AVÈK AKONPLISMAN REMAKAB   

Elèv, pwofesè, lekòl ak pwogram “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta  Miami-Dade County) fini ane a avèk yon kantite onè ak akonplisman. Pami akonplisman yo:   

Gayan Prim “Broad”: Yo nonmen “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gayan prim “Broad” pou Edikasyon Iben, yon prim anyèl ki onore lekòl nan distri iben atravè peyi a, ki ap fè pi gwo pwogrè nan leve siksè elèv yo. Sa fè senkyèm    fwa yo rekonèt M-DCPS kòm finalis.       

Referandòm Bon Obligasyon Jeneral: Votè Miami-Dade yo apwouve referandòm Bon “GO” (Obligasyon Jeneral) $1.2 milya ki te sou bilten vòt novanm nan.  Y ap sèvi avèk pwofi ki ap soti nan bon an pou modènize e konstwi lekòl atravè Distri a, ki gen ladan amelyorasyon teknoloji nan tout lekòl. Apwobasyon Bon GO a te enpòtan anpil pou Distri a paske li pote yon solisyon  dirab alontèm e li ofri Lekòl 21yèm Syèk pou tout elèv Miami-Dade. 

Yo Nonmen yon Edikatè Veteran Meyè Direktè: Yo te chwazi Dtè. Rosann P. Sidener, direktris Lekòl Segondè Miami Beach kòm Meyè Direktè pou Ane 2012 “Florida Association of School Administrators (FASA)” (Asosyasyon Admistratè Lekòl Florid). Sidener se yon veteran edikatè e administratè depi 34 ane avèk M-DCPS.

Yo Nomen yon Edikatè M-DCPS Meyè Pwofesè Florid pou Ane a: Yo te nonmen Alexandre Lopes, yon pwofesè Klas Matènèl, Edikasyon Espesyal nan Lekòl Elemantè Carol City pou Prim Meyè Pwofesè Depatman Edikasyon Florid/Macy’s pou Ane 2013 la. Yo te chwazi Lopes pami plis pase 20,000 pwofesè nan tout Miami-Dade e pami 180,000 nan tout eta Florid la pou onè a.

Yo Nonmen Sipèentandan an Meyè Lidè Done Estatistik pou Ane a: Depatman Edikasyon Florid nonmen Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho gayan Prim Meyè Lidè Distri nan Done Estatistik pou ane a.  Yo rekonèt Carvalho pou inovasyon ak efikasite li pote nan itilizasyon done estatistik pou dinamize pèfòmans elèv.  

To Gradyasyon Monte nan Nivo Istorik: To gradyasyon “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ogmante prèske senk pwen pou ane akademik 2011-2012 la, jan yo kalkile li nan machasuiv Depatman Edikasyon Etazini.  Selon kalkil federal yo, to gradyasyon pou 2010-11 te 71.3 pousan; ane sa a li rive nan 76.0 pousan, e li depase eta a nan toude, to ogmantasyon ak total pwen pousantaj. 

Yon Direktè Resevwa “Oscar of Teaching” (Prim Ansèyman): Yo te onore Dtè. Kevin Williams, direktè nan Lekòl Elemantè Norwood, avèk Prim Edikatè “Milken” $25,000 ki soti nan Fondasyon Milken.  Lidè refòm edikasyon Lowell Milken te kreye Prim Edikatè Milken yo an 1985 pou selebre, leve nivo e aktive ekselans nan pwofesyon an.

Lidè nan “AP” (Plasman Avanse): M-DCPS an premye nan peyi a pou nòt egzamen “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) pami elèv Ispanik. Distri lekòl la plase an premye nan peyi a nan twa kategori ki gen ladan, kantite nòt egzamen AP Ispanik ki gen nòt twa oubyen pi wo, kantite elèv Ispanik endividyèl ki resevwa nòt twa oubyen pi wo, ansanm ak kantite total egzamen AP elèv Ispanik pran. Miami-Dade setyèm tou nan peyi a pou Afriken     Ameriken/Nwa ki resevwa nòt 3 oubyen pi wo nan egzamen AP.

Elèv M-DCPS Kontinye Ap Montre Gwo Nivo Akonplisman:  Elèv M-DCPS depase pèfòmans elèv nan plizyè gwo vil Etazini nan “National Assessment of Educational Progress (NAEP) Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl Esè Evalyasyon Distri Iben) nan syans, matematik ak lekti.  

Yo Nonmen Dis Lekòl kòm Meyè Lekòl Segondè: Yo te mete Lekòl Leta Miami-Dade County nan klasman Meyè Lekòl Segondè “U.S. News & World Report.”  Nan Klasman Meyè Lekòl Segondè nan kategori Eta a, senk lekòl leta Miami-Dade County te pami 20 Meyè lekòl nan Florid.  Senk lekòl te resevwa nòt kòm Meyè Lekòl Segondè 2012 nan Amerik.  Nan kategori Meyè Lekòl Magnèt, twa lekòl Miami-Dade te nan 20 premye yo.

 

###

012-JJS/552/VVL/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès