|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 desanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO NONMEN YON EDIKATÈ LEKÒL ELEMANTÈ SUNSET MEYÈ PWOFESÈ POU ANE 2013 NAN “MAGNET SCHOOLS OF AMERICA” (LEKÒL MAGNÈT AMERIKA) REJYON IV
Yo te seleksyone resamman pwofesè anchaj Etid Magnèt nan Lekòl Elemantè Etid Entènasyonal Tere Pujol-Burns nan yon gwoup aplikan pwofesè lekòl magnèt ki soti nan Florida, Georgia, Mississippi, ak Alabama kòm Meyè Pwofesè Rejyon IV “Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnèt Amerika) pou Ane 2013.
MSA se yon òganizasyon nasyonal ki reprezante lekòl magnèt ak pwogram ki rekonèt pwofesè yo anyèlman rejyonalman e nasyonalman. Prim nan rekonèt yon pwofesè magnèt aplentan ki ekstrawòdinè, devwe ki bay egzanp ekselans nan rezilta akademik atravè pwogram inovatif ki pwomote egalite ak divèsite pou elèv ki nan lekòl magnèt, e ki demontre ekselans akademik nan pwofesyon ansèyman, kominotè, ak patisipasyon paran.
Kòm Pwofesè pou Ane a nan Rejyon IV, Madan Pujol-Burns vin kounye a yon finalis pou Meyè Pwofesè Nasyonal MSA pou Ane 2013. Yo ap anonse gayan an nan 31yèm Konferans Nasyonal Lekòl Magnèt ki ap fèt nan Tulsa, Okla. 5-8 me 2013.
###
12-JJS/560/DF/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |