|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 desanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS RESEVWA $30 MILYON FINANSMAN NAN “RACE TO THE TOP”
Depatman Edikasyon Etazini chwazi “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou resevwa yon don “Race to the Top (RTTT)” (Kous pou Antèt) pou pèsonalize enstriksyon elèv, amelyore akonplisman elèv ak efikasite edikatè, redui eka nan akonplisman elèv, e prepare chak elèv pou reyisi nan kolèj ak karyè. M-DCPS se sèl distri lekòl nan Florid ki resevwa finansman RTTT ane sa a e li se distri ki resevwa pi gwo pati prim nan nan peyi a. Kòm rezilta, elèv M-DCPS pral resevwa plis pase $30 milyon nan finansman an ki fèt pou ogmante e amelyore enstriksyon nan salklas.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Nou kontan anpil dèske yo chwazi M-DCPS pou resevwa finansman sa a… Inisyativ sa a ap ede nou kontinye avanse nan direksyon objektif nou pou asire chak timoun nan distri a, kèlkeswa kòd postal kote yo rete, kapab resevwa yon edikasyon klas mondyal. Li ogmante finansman federal nan ankouraje inovasyon lokal nan anviwònman enstriksyon 21yèm syèk la.”
Yo pral itilize lajan an pou ofri tout lekòl mwayen yon inisyativ enstriksyon entegre nan matematik. Sa ap gen ladan yon salklas espesyal nan modèl iPREP pou matematik nan chak lekòl mwayen. Sipèentandan Carvalho te kreye lekòl iPREP yo twazan desa e yo ofri elèv nou yo teknoloji dènye kri nan yon vrè anviwònman enstriksyon 21 syèk.
Elèv yo ap benefisye resous dijital ak sipò pwofesyonèl nan men de (2) pwofesè nan chak salklas. Objektif inisyativ la se chanje fason yo anseye matematik nan tout salklas Distri a. Se yon apwòch orijinal nan ansèyman matematik nan tout lekòl mwayen, nou pral aplike nan salklas lekòl segondè nou yo nan lavni.
Depatman Edikasyon Etazini patwone “Race to the Top” pou bay $400 milyon pou eta ki pral pran devan avèk plan ki enpresyonan men ki reyalizab, pou enplemante refòm edikasyon ki konsistan, puisan, e konplè.
###
012-JS/562/GC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |