|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 13 desanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV LEKÒL POU ETID AVANSE RESEVWA BOUSDETID NASYONAL ANPIL
MOUN DEZIRE
“School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse) gen distenksyon pou li genyen de (2) Etidyan prestijye QuestBridge. Etidyan yo resevwa bousdetid yo nan men “California Institute of Technology (Cal Tech)” (Enstiti Teknoloji Kalifòni). Inivèsite a te sèlman chwazi twa elèv nan tout peyi a pou bousdetid anpil moun dezire a.
Carlos Gonzalez nan Kanpous Nò SAS ak David Peña nan Kanpous Kendall SAS yo chak pral resevwa yon bousdetid nan Cal Tech ki kouvri frè ekolaj konplè, lojman ak manje ki nòmalman vo $200,000 oubyen plis. Anplisdesa, QuestBridge ap peye pou de (2) vwayaj soti California pou lakay nan Miami chak ane pandan tan bousdetid la dire.
“QuestBridge National College Match” ede elèv dènye ane eskolè ki ekstrawòdinè jwenn admisyon nan kolèj ki pi selektif nan peyi a avèk yon bousdetid konplè, pou katran, e tout depans peye. QuestBridge travay avèk plis pase 33 kolèj patnè ki gen ladan Cal Tech, yon inivèsite toupre Los Angeles, yo konsidere kòm “MIT” nan lwès la. Yo klase Cal Tech pami 10 pi gwo inivèsite nan Etazini selon dènye klasman nan “U.S. News” ak “World Report.”
Lekòl pou Etid Avanse a se yon lekòl segondè ekselan yo rekonèt nasyonalman ki lokalize nan kat kanpous Kolèj Miami Dade yo (Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson). Resamman revi Newsweek te onore SAS kòm 12yèm Meyè Lekòl Segondè nan Etazini e li nòmalman voye gradye li yo nan pi gwo inivèsite atravè peyi a.
###
12-JJS/565/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |