|
MIZE MAGNÈT LEKÒL ELEMANTÈ W.J. BRYAN Lekòl Elemantè W.J. Bryan resevwa yon don $8,800 nan men villagers yo pou restorasyon sèn ak oditoryòm li a. Sa ap ofri elèv yo opòtinite pou fè pèfòmans ak egzibisyon nan gran espas orijinal, achitèk Robertson ak Patterson desine. Bilding estil mediterane sa a gen plafon voute ak koridò ouvè ki antoure yon bèl lakou. Yo te konstrui li nan ane 1928 e yo deziye li kòm yon moniman istorik. Efò renovasyon sa a ap ofri elèv opòtinite pou konstate konsèp plan orijinal yon estrikti istorik e konprann enpòtans prezèvasyon. Pwojè sa a vin yon enstriman pou gide fiti generasyon an e ankouraje yon sans inite, entegrite, ak fyète nan kominote nou an. Mize Magnèt Lekòl la fòme patenarya solid ak mize lokal nan zòn nan e enstitisyon kiltirèl yo nan Miami-Dade County. Edikatè mize yo travay deprè ak pwofesè salklas yo, konekte avèk yon kourikoulòm ki baze sou estanda ak objè avèk ar nan mize respektif yo menmjan ak vizite building ak andwa istorik atravè county a. Kourikoulòm entegre sa a vize objè- ak pwojè- prensipalman ki baze sou ansèyman, aksantye sou rezoud pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon ak ankèt atravè vizit kontinyèl nan mize ak enstitisyon kiltirèl yo.
### 012-JJS/566/VVL/SD
|