|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Samdi 15 desanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO OFRI LEKÒL LETA NEWTOWN SIPÒ, LI VOYE RESOUS POU EDE ELÈV AK ANPLWAYE M-DCPS FÈ FAS AK FIZIYAD TRAJIK KI TE FÈT NAN LEKÒL LA
Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho te fè kontak avèk Sipèentandan Lekòl Leta Newtown Janet Robinson apre fiziyad trajik ki te fèt vandredi nan Lekòl Elemantè Sandy Hook nan Newtown, Ct., pou ofri sipò Ekip Jesyon Kriz Distri “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Carvalho ofri sèvis ekip kriz la, ki gen ladan sikològ lekòl, konseye ak travayè sosyal trè kalifye, pou ede elèv ak anplwaye fè fas ak moman difisil pi devan.
Carvalho ekri Sipèentandan Robinson, “Se avèk gwo tristès e emosyon mwen resevwa nouvèl trajik nan Lekòl Elemantè Sandy Hook vandredi a … Edikatè isit nan Sid Florid e atravè mond la konnen ensidan terib sa a ap genyen yon gwo efè dirab sou kominote w la pou anpil ane ankò. Nou ap priye pou ou ak kominote w la kounye a e nan mwa ki ap vini yo.”
M-DCPS gen kapasite pou li mobilize yon ekip konseye pwofesyonèl ki ka bay sipò ak fòmasyon sou plas pou jere pwoblèm sikolojik nan lekòl imedyatman apre dezas, ansanm ak asistans nan kreye gwoup sipò pou fè suivi.
Sipèentandan Carvalho mande anplwaye yo tou pou yo bay pèsonèl lekòl ak elèv M-DCPS yo yon sipò total. Depatman Kourikoulòm ak Enstriksyon ak Jesyon Kriz M-DCPS prepare resous pou resevwa tout pwofesè lendi maten pou ede soulaje soufrans sa a pou elèv yo. Nou voye yon kominikasyon bay tout lekòl pou enfòme administratè, konseye pwofesyonèl, ak pwofesè lekòl yo sou resous ki disponib pou ede elèv afwonte vyolans nan lekòl ak trajedi nasyonal yo.
Ensidan vyolan nan lekòl ak trajedi nasyonal souvan resevwa anpil repòtaj medya ki lakòz konfizyon ak boulvèsman emosyonèl lakay timoun. Souvan yo konn rele paran ak pèsonèl lekòl yo pou ede elèv fè fas ak konsekans trajedi sa yo. Ekip Jesyon Kriz Distri a travay avèk administratè lekòl yo ak Ekip Sekou pou Ensidan Kritik la pou bay sèvis entèvansyon pou timoun apre trajedi yo.
Lendi n ap monte drapo yo a mwatye ma, e elèv yo ap obsève yon moman silans nan memwa moun ki mouri vandredi yo.
###
12/JS/570/GC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |