POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 18 desanm 2012  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CENTRAL RESEVWA DON FEDERAL $100,000

Administrasyon Otowout Federal bay Lekòl Segondè Miami Central yon don $100,000 pou yon ane, anba Pwogram Teknoloji Garrett A. Morgan ak Edikasyon sou Transpòtasyon.  Bi prensipal pwojè sa a, “Building Leadership Across Science and Technology (BLAST)” (Bati Kapasite pou Dirije Atravè Syans ak Teknoloji) se pou amelyore preparasyon elèv, patikilyèman fi ak minorite, nan “science, technology, engineering, and mathematics (STEM)” (syans, teknoloji, jeni, ak matematik) nan entwodui devlopman teknoloji aplikasyon mobil ki gen rapò ak endistri transpòtasyon an. Yo bay don an non Garrett A. Morgan, yon envantè e antreprenè Afriken-Ameriken.

Yo ap bay elèv yo opòtinite kòmanse ak preparasyon karyè ak eksperyans pratik rive nan klas nivo preparatwa kolèj, laboratwa, ak egzèsis kreyatif. Pwojè a se yon patenarya ant Lekòl Jeni ak Teknoloji nan Kolèj Miami Dade, Komisyon Konsèy NAF STEM Miami, Otorite Autowout Miami-Dade ak “Florida Department of Transportation (FDOT)” (Depatman Transpòtasyon Florid). 

Fòmasyon an gen ladan ladrès teknoloji ekspesifik ki gen rapò ak Pwojè Plan Wout FDOT yo planifye pou amelyore sekirite ak kondisyon operasyonèl pou yo ka redui kantite aksidan ki fèt nan kafou ki pa gen siyal nan Nòdwès Miami.  Elèv yo pral patisipe nan eksperyans salklas ki pwolonje ak rankontre e obsève enjenyè pwojè atravè pwosesis plan wout la pandan tout ane a e yo pral gen kontak ak FDOT e kanpay konsyantizasyon kominote Otorite Otowout Miami-Dade la. 

Akademi Jeni ak Enfòmatik se pwogram magnèt nan Lekòl Miami Central.  Elèv ki enterese ki rete andeyò limit prezans lekòl la ka toujou aplike nan kontakte chak pwofesè anchaj respektif nan 305-696-4161. 

Pou plis enfòmasyon konsènan pwojè a, silvouplè kontakte Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Parantal nan 305-995-1922.

###

12-JJS/571/DF/RL

 

 

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès