POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 desanm 2012     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TERRA RANPÒTE PI GWO ONÈ NAN TOUNWA WOBOTIK

Twa Ekip Wobotik VEX “Terra Environmental Research Institute (TERRA)” (Enstiti Rechèch Anviwònmantal Terra) te patisipe resamman nan tounwa Wobotik VEX la nan Lekòl Preparatwa Gulliver. Nan 40 ekip ki te patisipe yo, toulètwa ekip TERRA yo te fè konpetisyon avèk youn lòt nan final yo.
 
Nan fen tounwa a chanpyon yo te soti nan Ekip C a, ki gen ladan Felix Sanchez, Eric Chan, Daniel Martinez, Alejandro Ruiz ak Benjamin De La Cruz. Manm ekip A Bryan Eiroa, Chris Garcia, Kelsey Traeger ak Charles Ogden te ranpòte tou Prim Jij yo pou meyè desen.

Nan foto a (goch-dwat) se manm chanpyon Ekip C a Felix Sanchez, Eric Chan ak
Daniel Martinez ki soti nan TERRA.

 

###

12-JJS/572/DF/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès