POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 desanm 2012       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS KLASE NAN PREMYE 10 CHWA LEKÒL NAN PEYI A

Resamman Enstitisyon “The Brookings” te klase Depatman Chwa Lekòl ak Opsyon Parantal “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm nimewo 10. Yo te rekonèt distri lekòl la poutèt li ofri yon gwo kantite nan pwòp opsyon li yo atravè pwogram magnèt ak akademi karyè.
 
Enstitisyon an te sèvi ak “Chwa nan Edikasyon ak Endèks Konpetisyon” li a pou bay plis pase 100 distri lekòl atravè peyi a nòt. Yo te baze fòmil pou bay nòt la sou 13 kategori. Li te pran an konsiderasyon si wi ou non altènatif yo te disponib tankou lekòl magnèt, kou sou Entènèt, bous kredi sou taks, lekòl prive nan pri abòdab, lajan leta  pou lekòl prive e lekòl “charter”.

Depi plis pase 50 ane, M-DCPS toujou devan nan mouvman chwa nan edikasyon, lè li te etabli Lekòl Laboratwa Henry S. West nan ane 1954, kòm yon lekòl chwa eksperimantal ki asosye avèk Lekòl Edikasyon nan Inivèsite Miami. Pwogram magnèt te kòmanse nan Lekòl Leta Miami-Dade County an 1973 avèk ouvèti yon sant pou Ar Ekspresif nan kè vil la. Depi lè a, M-DCPS enplemante yon gwo varyete pwogram chwa ki gen ladan premye Sant Aprantisaj Satelit ki baze sou kowoperasyon an 1987; premye lekòl anwolman kontwole an 1995; premye lekòl “charter” Eta a an 1996; e, pi resamman, Pwogram Chwa Lekòl Leta Volontè leta federal finanse an 2002.

Apati ane lekòl sa a, apwoksimativman 41 pousan elèv klas matènèl jiska 12yèm ane eskolè nan M-DCPS te fè yon chwa aktif nan lekòl oubyen pwogram kote yo anwole a.

###

12-JJS/573/DF/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès