|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 desanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YON ELÈV M-DCPS RANPÒTE BOUSDETID TALAN NASYONAL
“Arts Schools Network (ASN)” (Rezo Lekòl Ar) anonse resamman gayan pwogram rekonesans talan On Your Way li a, ki rekonèt elèv ki gen talan nan 9yèm-12yèm ane eskolè. Yo onore elèv yo nan kategori vwa klasik, fè fim, teyal mizikal ak ar vizyèl.
Yo te onore Mateo Nava, yon elèv dènye ane lekòl segondè nan Design & Arthitecture Senior High School (DASH), nan kategori ar vizyèl. Li te enpresyone jij yo avèk yon dosye elèv ekstrawòdinè, ki demontre jan li briyan nan miltimedya ak apwòch li nan ar ansanm ak inovasyon, ladrès teknik ak dokimantasyon li.
Gayan chak kategori ap resevwa yon bousdetid pou plis fòmasyon ak konsèy fas a fas nan men reprezantan kolèj ak konsèvatwa. Yo ap ekspoze travay elèv yo sou sit Entènèt ASN nan ak lòt kominikasyon sou Entènèt. Yo ap konpile yon montaj videyo sou travay elèv la e y ap pibliye li an janvye. Anplis, gayan On Your Way ki elijib yo evite otomatikman etap preliminè pwogram nasyonal YoungArts la. YoungArts se sèl ajans ki ka fè nominasyon pou pwogram “U.S. Presidential Scholars in the Arts”, pi gwo onè nan peyi a pou elèv dènye ane lekòl segondè.
Pou patisipe nan On Your Way ASN nan, elèv yo te aplike e transfere fichye medya yo sou Entènèt. Se moun ki soti nan kolèj ak konsèvatwa prestijye ki te jije travay elèv yo. Tout patisipan nan pwogram nan te benefisye atravè bonjan kontak avèk jij yo, ki te ba yo kòmantè konstriktif konsènan travay yo, e nan kreye dosye sou Entènèt, ki se nouvo fason pou elèv soumèt travay ak aplikasyon pou admisyon nan lekòl.
###
12-JJS/574/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |