|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 21 desanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
NÒT PÈFÒMANS LEKÒL SEGONDÈ MIAMI-DADE YO DEPASE NÒT MWAYÈN ETA A
San pousan lekòl segondè resevwa yon C oubyen plis; depase nòt mwayèn Eta a
MIAMI – Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho anonse jodi a 100 pousan lekòl segondè distri a resevwa yon nòt pèfòmans C oubyen pi wo nan men eta a. Pou premye fwa depi yo kòmanse bay nòt pèfòmans yo an 1999, M-DCPS pa gen okenn lekòl segondè D oubyen F.
Lekòl segondè Distri a depase tou mwayèn lekòl segondè eta a ki resevwa yon nòt pèfòmans A oubyen B jodi a. Katreven-uit pousan lekòl segondè M-DCPS - 49 lekòl - resevwa swa yon A oubyen yon B, konpare ak mwayèn 78 pousan eta a.
Tout nèf lekòl segondè “Education Transformation Office (ETO)” (Biwo Transfòmasyon Edikasyon) yo amelyore oubyen kenbe siksè amelyorasyon yo te fè ane anvan an, tankou:
- Lekòl Segondè Miami Norland amelyore de yon C a yon A
- Lekòl Segondè Miami Southridge ak Miami Jackson kenbe A yo a
- Lekòl Segondè Miami Edison amelyore de nòt C a B
- Lekòl Segondè Booker T. Washington ak Lekòl Segondè Miami Central amelyore de D a C
Anplis 35 lekòl segondè ki resevwa A yo, sis lòt lekòl segondè nan Distri a fè ase pwen pou resevwa yon A, men akoz pwovizyon nan lwa a ki penalize lekòl ki pa satisfè to gradyasyon elèv ki andanje pou yo pa gradye a, lekòl sa yo desann a yon B. Pami lekòl sa yo genyen: lekòl segondè Miami Edison; Westland Hialeah; G. Holmes Braddock; Mater Academy Lakes; Hialeah Gardens; ak Miami Coral Park.
Nòt ekselan lekòl segondè Miami-Dade sa yo suiv siksè distri a nan ogmantasyon to gradyasyon distri a, ki te parèt an novanm. Pou ane akademik 2011-2012 la, to gradyasyon M-DCPS la te ogmante a prèske senk pwen jan yo te kalkile li nan suiv direktiv Depatman Edikasyon Etazini yo. To gradyasyon yo te kalkile federalman pou 2010-11 la te 71.3 pousan; ane sa a li ogmante a 76.0 pousan, li depase eta a nan toude, to ogmantasyon ak total pwen pousantaj.
Pandan sesyon lejislatif 2008 la, Pwojè Lwa 1908 te chanje konsiderableman fason pou yo te bay lekòl segondè yo nòt, kòmanse avèk ane lekòl 2009-2010 la. Pwojè lwa a te mande pou nòt lekòl segondè yo te gen ladan mezi altènatif pou akonplisman elèv anplis fondasyon endispansab nan rezilta “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) nan 9yèm, 10yèm, ak 11yèm Ane Eskolè. Mezi adisyonèl yo ofri yon konsantrasyon egal sou preparasyon pou kolèj, aksè ak e pèfòmans nan travay kou akselere, ak to gradyasyon pou tout elèv e pou sa ki andanje akademikman yo.
Anplis ane sa a, pou Depatman Edikasyon Florid te ka an konfòmite avèk egzanpsyon Akò Edikasyon Elemantè ak Segondè, yo te mande pou ajoute Sant “Exceptional Student Education (ESE)” (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl) yo nan nòt yo bay lekòl yo. M-DCPS te opoze pou yo bay sant sa yo nòt ki nan tout ka yo, sèvi elèv ki gen gwo andikap ki nan klas jadendanfan – 12yèm ane eskolè. Yo ka satisfè bezwen elèv sa yo sèlman nan yon anviwònman lekòl ki separe. Sant ESE se pa lekòl tradisyonèl, men yo fèt espesyalman, yo gen anplwaye, ak resous pou bay edikasyon apwopriye pou elèv ki mande sèvis edikasyonèl entansif ki gen ladan sèvis enfimyè, sipò sikyatri, asistans teknolojik ak lòt sèvis terapi entansif.
Kat sant ESE te resevwa nòt pèfòmans lekòl segondè 2011-2012. Twa sant ESE te resevwa yon F: Sant Edikasyon Neva King Cooper, Sant Edikasyonèl Robert Renick ak Sant Edikasyonèl Merrick. Sant Edikasyonèl Ruth Owens Kruse, te resevwa yon D.
###
12-JS/576/JS/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès
|