|
SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL TEMWAYE NAN TALLAHASSEE Sipèentandan Lekòl Miami-Dade County Alberto M. Carvalho pral temwaye jodi a, a 11:30 dimaten devan Konsèy Lachanm Sou-komite Edikasyon PreK-12 nan Tallahassee konsènan to gradyasyon lekòl segondè nan eta a. Anba administrasyon Carvalho, lekòl leta Miami-Dade wè yon ogmantasyon chif doub nan to gradyasyon, ak yon to ogmantasyon ki depase pa eta a. Ane pase to gradyasyon “Miami-Dade County Public schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade) rive pou premye fwa nan wotè 77.7 pousan pou ane akademik 2010-2011 la. Sa se yon ogmantasyon 5.6 pousan an plis sou to ane pase a ki te 72.1 e se pi gwo to gradyasyon M-DCPS janm atenn depi Depatman Edikasyon Florid te kòmanse suiv estatistik gradyasyon ak metòd modèn nan fen ane 1990 yo. Miami-Dade amelyore a yon to siyifikativman pi wo pase to pousantaj amelyorasyon eta a. Anfèt, pandan eta a ogmante to gradyasyon li a sèlman en pousan, to Miami-Dade ogmante dramatikman a prèske sis pousan. Sipèentandan Carvalho di, "Tandans amelyorasyon solid sa a trè ankourajan e li demontre plan pou nou ogmante siksè elèv yo ap travay… Nou mete ansanm pi bon pwofesè yo ak administratè lekòl nan efò sa a pou ede elèv yo gradye e prepare yo pou kolèj ak karyè. Rezilta sa yo se konsekans efò lekti solid ak nòt matematik nan Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl la. Li te ajoute paran, pwofesè ak lidè lekòl yo tou ka pran fyète nan akonplisman sa yo." Carvalho di, "Aprè ogmantasyon dramatik nan to gradyasyon malgre kritè rigid, nou ap sipliye legislatè yo pou yo pran yon apwòch balanse nan lejislasyon resan yo ki ka kreye yon limit nan gradyasyon ki kapab evantyèlman deranje plasman apre lekòl segondè menmjan ak kwasans ekonomik la." Pandan li nan Tallahassee, Carvalho pral rankontre ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade yo nan yon reyinyon avèk lejislatè kle yo pou defann elèv yo nan kesyon ki gen ladan finansman edikasyon ak ‘‘Supplementary Educational Services (SES)’’ (Sèvis Edikasyonèl Siplemantè). Jou ki te 14 septanm 2011, Carvalho te temwaye devan Komite Edikasyon Chanm Reprezantan Ameriken ak Mendèv la konsènan SES e li te pale de $26 milyon ki ap depanse nan Miami-Dade ak sipèvizyon tou piti oubyen responsabilite.
# # # 13-JS/033/SD |