
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 11 janvye 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS RESEVWA $3,000 POU ELÈV AKADEMI STEM
Yo bay Komisyon Konsèy “STEM” “(Science, Technology, Engineering and Mathematics)” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik) yon chèk $3,000 nan “ITPalooza”, yon evènman ki dire tout jounen, yo fè nan Pwogram Metriz “NOVA Southeastern”. Evènman an, ki jwenn finansman nan men “SherlockTech Staffing,” te gen plis pase 60 gwoup itilizatè, 47 patwon ak 100 prezantatè endistri selèb ki vin ladan.
Selon yon sondaj “SherlockTech Staffing” te fè sou 500 pwofesyonèl “Information Technology (IT)” (Enfòmatik) ak konpayi lokal a kolaborasyon avèk “ITPalooza”, anplwa nan domèn Enfòmatik bay bonjan siy amelyorasyon nan Si Florid. Senkant sèt pousan konpayi lokal ki te reponn yo endike y ap planifye pou anplwaye plis moun ki fè Enfòmatik an 2013 konpare a 20 pousan an 2011. Lidè yo montre yon enterè reyèl nan patisipe nan pwogram Estaj “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) yo ki pèmèt elèv sèvi avèk ladrès teknik e entèpèsonèl yo aprann nan yon salklas akademi.
Elèv STEM nan Akademi Jeni, Akademi Enfòmatik ak Akademi Syans Sante jwenn opòtinite ki kòmanse nan preparasyon pou karyè ak eksperyans Pratik pou rive nan klas preparasyon pou kolèj, laboratwa, ak egzèsis kreyatif. 22 akademi STEM yo se pwogram manm NAF, yon rezo nasyonal akademi karyè, anba pwoteksyon biwo “School Choice & Parental Options” (Chwa Lekòl ak Opsyon Paran).
Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram Akademi yo ak pwogram estaj la, silvouplè kontakte Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran an nan 305-995-1922.
Nòt Editè a: Atachman Foto

Yo bay Komisyon Konsèy “STEM” M-DCPS la yon chèk $3,000 nan “ITPalooza” pou fòmasyon ak pwogram pratik.
###
13-JJS/002/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |