|
YO ENVITE SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO POU PATISIPE Palmantè Etazini Debbie Wasserman Schultz envite Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pou patisipe nan yon Tab Wond ak konferans pou laprès sou Sekirite Zam ki ap fèt jodi a nan Katye Jeneral Biwo Cherif Broward la, ki lokalize nan 2601 W. Broward Boulevard nan Fort Lauderdale. Tab Wond la gen ladan ofisyèl anfòsman lalwa Miami-Dade ak Broward county, majistra lokal yo, defansè sou sekirite zam, ofisyèl lekòl leta ak manm nan sistèm jidisyè a. Palmantè Etazini Wasserman Schultz te òganize tab Wond la pou bwase lide ak lidè kominote yo pou detèmine kòman gouvènman federal la kapab pi byen konbat vyolans zam nan peyi a.
### 13-JJS/003/SD
|