POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 18 janvye 2013               

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOFESÈ POU ANE M-DCPS LA SE FINALIS NASYONAL
Pwofesè edikasyon espesyal Klas Matènèl se youn nan kat kandida pou Pwofesè pou Ane Nasyonal

‘‘Council of Chief State School Officers’’ (Ofisye Konsèy Anchèf Lekòl nan Eta a) nonmen Alexandre Lopes, Pwofesè pou Ane 2013 nan ‘‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak Pwofesè pou Ane 2013 Florid, kòm youn nan kat finalis pou Prim Pwofesè pou Ane Nasyonal. Li rankontre ak edikatè nan Maryland, New Hampshire ak Washington ki nan pozisyon pou prim nasyonal la.

Yo ap anonse gayan an nan yon seremoni ki ap fèt nan Mezon Blanch pandan Semèn Rekonesans Nasyonal 21-26 avril 2013, nan Washington, D.C.

Sipèentandan M-DCPS Alberto M. Carvalho di, "M-DCPS ap kontinye dirije tout rès peyi a ak yon kantite onè e reyalizasyon enpresyonan pou distri lekòl la nan nivo eta ak nasyonal … Onè Alex la rive anmenm tan ak onè Prim Broad 2012 la e amelyorasyon nan to gradyasyon lekòl segondè nou yo, e li se yon temwayaj ekselans nan edikasyon nou an."

Yo te nonmen Lopes, pwofesè klas matènèl edikasyon espesyal nan Lekòl Elemantè Carol City, kòm Pwofesè pou Ane 2013 Depatman Edikasyon Florid /Macy ak Anbasadè Christa McAuliffe pou Edikasyon an Jiyè 2012.  Li sèvi kòm yon defansè edikasyon ak anbasadè bòn volonte ki reprezante pwofesè atravè eta a.

Se Konsèy Ofisye Anchèf Lekòl nan Eta a ki dirije pwogram Pwofesè pou Ane Nasyonal la. Li te kòmanse an 1952 e li se pwogram ki la pi lontan, li se pwogram onè nasyonal ki pi prestijye ki konsantre atansyon piblik sou ekselans nan ansèyman.  Yon komite seleksyon ki reprezante 15 òganizasyon edikasyon nasyonal chwazi gayan nasyonal la pami pwofesè pou ane eta yo.   

Yo chwazi gayan an daprè kritè ki ap suiv yo: enspire elèv tout kondisyon ak abilite pou aprann; jwenn respè ak admirasyon elèv, paran ak kòlèg li yo; jwe yon wòl aktif e itil nan kominote a menmjan ak nan lekòl la, montre li se yon moun ki pezib, gen langaj klè e posede enèji pou reziste anba yon orè mobilye. Chak ane, Prezidan Ameriken an entwodui Pwofesè pou Ane Nasyonal la bay pèp Ameriken an.

 

###

13-JS/005/GC/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès