POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 janvye 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI KARYÈ MIAMI CENTRAL RESEVWA POZISYON NASYONAL

Akademi pou Teknoloji Enfòmatik Lekòl Segondè Miami Central pral mete ak 13 lòt akademi karyè nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm yon akademi karyè rekoni nayonalman. Akademi sa yo merite distenksyon dezirab sa a nan pase anba yon pwosesis evalyasyon ki gen ladan preparasyon entansif ak enspeksyon yon ekip kit e vizit andwa a.

Yon akademi karyè rekoni nasyonalman suiv 10 Pratik Estanda Nasyonal yon òganizasyon kosòsyòm pou akademi karyè te entwodui e Depatman Edikasyon ak Travay Etazini an andòse.  Dosye reflete elèv ki anwole nan akademi karyè yo gen pi bon prezans, to gradyasyon pi wo, ak mwens pwoblèm disiplin. 

M-DCPS gen 14 pwogram akademi karyè ki kenbe pozisyon nasyonal kòm pwogram modèl.   Elèv ki anwole nan pwogram akademi karyè gen merit sètifikasyon nivo endistriyèl ki ba yo yon avantaj sou pwosesis aplike pou karyè ak kolèj; patisipe nan fè esataj ann ete; rezo ak lidè biznis e lidè kominotè; patisipe nan pwosesis pwojè sèvis kominotè; e elijib pou kou anwolman doub ak bous pou kolèj. 

Chak akademi karyè yo resevwa onè distenksyon nasyonal nan yon koferans nasyonal.  Yo pral rekonèt Miami Central fòmèlman nan prentan pwochen nan Arizona e li ap resevwa yon banyè ak prim monetè pou amelyore pwogram li. Toude òganizasyon tankou “National Career Academy Coalition (NCAC)” (Kowalisyon Akademi Karyè Nasyonal) ak “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) rekonèt lidè pou sipò kolaboratif ak abilite pou soutni pwogram tèm-karyè, ki konsakre pou kreye e sipòte yon rezo nasyonal pou akademi ki egziste e sa ki ap parèt nan konsantre sou preparasyon kolèj ak karyè.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Pwofesè Anchaj Akademi an nan lekòl respèktif oubyen rele Biwo Lekòl Chwa ak Opsyon Parantal nan 305-995-1922.

Elèv Akademi Tekonoloji Enfòmatik Miami Central ap selebre apre yo te tande pwogram yo a resevwa distenksyon “modèl”.

###

13 JJS/006/DF/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès