POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 22 janvye 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ FWA SYANS AK JENI REJYONAL SID FLORID 2013

KIYÈS: 
Administratè Miami-Dade County, elèv, pwofesè ak sitwayen ki enterese
KISA:
Fwa Syans ak Jeni Rejyonal Sid Florid 2013
KILÈ: 
Samdi 26 janvye 2013, 8 dimaten - 5 nan aprèmidi
KI KOTE: 

Miami Dade College-North Campus, Science Complex
11380 N.W. 27 Avenue              

POUKISA:

Fwa Syans ak Jeni Rejyonal Sid Florid 2013 ap ekspoze eksplorasyon elèv lekòl elemantè, mwayen e segondè atravè county a.  Yo atann apwoksimativman 1,500 elèv pou patisipe nan fwa syans anba tèm “Thinking Systematically” (Panse Sistematikman)!

Pwojè yo ka ouvè pòt pou bous etid kolèj ak akademi avanse. Elèv ap resevwa sètifika, meday, twofi ak prim kach kòm konpansasyon.

An plisde posiblite patisipan yo ap genyen pou wè plizyè pwojè ak eksperimantasyon yo, vizitè ap kab patisipe nan Atelye Entèraktif ki pral ofri paran, pwofesè elèv ak lòt edikatè ki gen enterè avèk yon opòtinite pou aprann sou karyè ki gen rapò ak “STEM” e resous nan kominote nou an.

Kategori fwa syans la gen ladan syans konpòtman ak sosyal, biyochimi botanik, chimi, syans òdinatè, jeni, matematik, mikwobiyoloji, zowoloji, syans latè ak planetè, syans anviwònmantal, fizik, astwonomi, medsin ak sante.

Pou plis enfòmasyon,rele 305-995-1939 oubyen vizite science.dadeschools.net.

# # #

   13-JJS/007/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès