POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 janvye 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMITE TIMOUN NAN TRAVAY NASYONAL AVÈK PRIM RONALD H. BROWN PRAL ONORE SIPÈENTANDAN CARVALHO

“National Child Labor Committee (NCLC)” (Komite Nasyonal l Timoun nan Travay) resamman anonse yo pral prezante “27th Annual Lewis Hine Awards” (27yèm Prim Anyèl Lewis Hine) espesyal pou Sèvis pou Timoun ak Jèn. Yo pral prezante prim nan, nan Westin New York Grand Central 28 janvye 2013.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral resevwa “Ronald H. Brown Award” (Prim Ronald H. Brown). Prim nan onore lidè Ameriken tankou defen Mesye Brown, ki te simonte prejije ak diskriminasyon e ki sèvi ak pozisyon yo pou ede jèn kounye a pou fè menm bagay. Yo ap rekonèt Sipèentandan Carvalho pou travay remakab li ap fè nan distri lekòl la, kote li ap kreye pou gen aksè egal-ego sou edikasyon nan nivo wo, pran devan nan mouvman pou soti nan liv lekòl pou ale nan kontni digjital, e devlope anviwònman edikasyonèl dènye kri pou satisfè demand elèv sèjousi. Li se yon gwo sipòtè tou pou “KAPOW,” pwogram patenarya lekòl elemantè ak biznis NCLC yo.

Prim ki pote non fotografè fame NCLC ki te dokimante eksplwatasyon timoun nan kòmansman 20yèm syèk la, “Lewis Hine Award,” onore endividi yo kòm pwofesyonèl oubyen volontè, ki bay pwòp tèt yo menm pou ale pi lwen pou byennèt jèn moun.  Se yon panèl jij distenge ki chwazi gayan an pami dè santèn nominasyon ki fèt chak ane pami lidè biznis, lidè kominotè ak lidè òganizasyon ki pa la pou pwofi.  Depi yo te kòmanse li ,yo nomine dè milyon endividi ki merit pou resevwa Prim Lewis Hine la e li chwazi prèske 300 endividi kòm moun li onore.

Ansyen moun ki resevwa Prim Ronald H. Brown nan gen ladan yo: Karen Bass, ansyen Pòtpawòl pou Asanble Eta Califonia; Harry Belafonte; David R. Jones, Avoka Prezidan & “CEO” pou Sèvis Sosyete Kominotè nan New York; Edward Lewis, Fondatè ak Chèman Essence; David A. Paterson ak Michelle Paige Patterson, ansyen Gouvènè ak premye Dam nan New York; Deval L. Patrick, Gouvènè Massachusetts ak ansyen Vis Prezidan Egzekitif, Konpayi Coca-Cola; Diane Patrick, Patnè, Law Firm Ropes & Gray ak Premye Dam Massachusetts; Hugh B. Price, Prezidan ak CEO, National Urban League; Lisa Quiroz, Vis Prezidan Anchèf nan Time Warner; Jorge Ramos nan Univision Television Network; Dennis Walcott, Depite Majistra pou Edikasyon ak Devlopman Kominotè NYC; Oprah Winfrey, ak Raul Yzaguirre, Prezidan, National Council of La Raza.

Pou plis enfòmasyon sou “National Child Labor Committee” (Komite Timoun nan Travay Nasyonal) ak Prim Lewis Hine, vizite www.nationalchildlabor.org.

###

013-JJS/008/VVL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès