|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK FONDASYON SIKYATRIK AMERIKEN POTE PWOGRAM ENTÈVANSYON BONÈ SANTE MANTAL NAN LEKÒL YO Fondasyon Sikyatrik Ameriken ak Lekòl Leta Miami-Dade County, an kolaborasyon ak Jij Steven Leifman, pral enplemante pwogram fòmasyon "Typical or Troubled?” (Tipik oubyen Twouble) nan tout lekòl leta mwayen ak segondè nan sistèm Miami-Dade la. Pwogram nan pral fòme plis pase 500 sikològ lekòl, travayè sosyal ak konseye gidans sou idantifikasyon bonè potansyèl pwoblèm sante mantal, yo pral edike e angaje paran, e finalman konekte elèv ak sèvis sante mantal lè gen bezwen. "Typical or Troubled?" se yon pwogram edikasyonèl ki ede anplwaye lekòl distenge ant konpòtman tipik yon adolesan ak evidans siy avètisman sante mantal ki ka mande yon entèvansyon. Pwogram nan gen ladan teknik pou asistans kiltirèlman sansib pou anplwaye lekòl sou meyè pratik ak materyèl edikasyon ann Anglè, Espayòl e li pral vini an Kreyòl. Pou kounye a yo itilize pwogram sa a nan plizyè santèn lekòl ak distri lekòl pou edike plis pase 40,000 pwofesè, antrenè, administratè, ak lòt anplwaye lekòl atravè peyi a. Nan tout peyi a, apwoksimativman 15 milyon timoun ak jèn ant laj 9 a 17 an gen pwoblèm sikyatrik ki ka dyagnostike, avèk anviwon 90% nan timoun sa yo ki te demontre siy avètisman bonè vè laj 15 an. Plis pase 60% jèn ki gen pwoblèm sante mantal pa jwenn tretman adekwat, e suisid se twazyèm koz lanmò nan mitan adolesan ak jèn adilt 15-24 an daj. Jij Steven Leifman, JD, ki se yon manm nan komite direktè APF di, "pwogram sa a pral yon apèl pou aksyon pou rasanble tout kominote a ansanm pou konsantre sou sante mantal e konbat etikèt ki favorize silans la ki souvan vwale pwoblèm sante mantal kòm yon mistè. Lekòl se yon bon kote pou rasanble elèv, paran, pwofesè ak lòt anplwaye ansanm, e finalman konekte jèn ki twouble ak èd yo bezwen." Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl, Miami-Dade County, di, "Si nou ap adrese pwoblèm maladi mantal seryezman, sa ap mande pou tout kominote a met men ansanm, e konsantre sou ane adolesan yo, lè anpil pwoblèm mantal premye prezante. Pwogram ‘‘Typical or Troubled?’’ se pi bon fason nou konnen pou fè sa." Paul T. Burke, Egzekitif Direktè APF te aksantye enpòtans patisipasyon paran e di, "paran yo ka pa wè siy bonè maladi mantal pandan ane laj adolesans yo, lè jèn moun yo ka pa sou bon san yo oubyen rebèl. Kijan pou w konnen lè konpòtman yon adolesan bay rezon pou w konsène? Pwogram sa a, nan edike paran, ede reveye yo pou pa inyore pitit yo vrèman twouble, e ba yo estrateji sou kòman pou yo reponn." Patenarya APF ak Lekòl Leta Miami-Dade County pral pran yon apwòch aktif pou abòde pwoblèm nan atravè patenarya ak fòmasyon sible ki pèfeksyone nan idantifikasyon ak tretman efikas pou pwoblèm sante mantal anvan pwoblèm sa yo manifeste nan ogmantasyon woul, abi sibstans, vyolans oubyen trajedi. M-DCPS ap enplemante inisyativ plizyè branch la, ki gen ladann:
Pou ogmante resous sipò kriz nan M-DCPS, konseye pwofesyonèl yo pral fòmasyon sou entèvansyon konpreyansif kriz yo rekonèt nasyonalman ak yon pwogram pou rekiperasyon k ap kòmanse nan mwa sa a. Sa fè pati yon efò primòdyal pou elaji Ekip Premye Sekou Kriz pou sipò atravè distri a. Fondasyon Sikyatrik Ameriken an se pati filantwopik Asosyasyon Sikyatrik Ameriken an, yon sosyete espesyalite medikal nasyonal kote manm doktè yo espesyalize nan dyagnostik, tretman, prevansyon ak rechèch maladi mantal, ki gen ladan pwoblèm itilizasyon sibstans. Vizite APA nan www.psychiatry.org. ### 13-JJS/009/SD
|