POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 28 janvye 2013 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SENK FINALIS AP FÈ KONPETISYON POU PRIM MEYÈ PWOFESÈ MIAMI- DADE POU ANE A

Lekòl Leta Miami-Dade pral fè dine Meyè Pwofesè pou Ane 2014 Francisco R. Walker Miami-Dade County pou nonmen pwofesè ki pi eksepsyonèl atravè Distri a mèkredi 30 janvye a 6è diswa nan Doubletree by Hilton Hotel & Miami Airport Convention Center.  Otèl la lokalize nan 711 N.W. 72th Ave., Miami, FL 33126.
Senk finalis yo, rejyon yo reprezante ak lekòl yo nan lis ki ap suiv la:

  • Nò – Madan Maria Donohue – Hialeah Gardens Senior High School
  • Santral – Mesye Bradley Sultz – iPreparatory Academy
  • Sid – Marshall Ruffo - Centennial Middle
  • “Education Transformation Office (ETO)” (Biwo Transfòmasyon Edikasyon) – Madan Christine Napoles - Hialeah Middle
  • Adilt/Altènatif – Madan Susan Castleman – “Educational Alternative Outreach Program” (Pwogram Konsyantizasyon Altènatif Edikasyonèl)

Enstitisyon k ap patwone evènman an se South Florida Educational Federal Credit Union, Munilla Family Foundation/ MCM, an kolaborasyon avèk Univision 23, United Way of Miami-Dade, Nova Southeastern University Abraham Fischler School of Education, Fox-Mar Photography, e an patenarya ak United Teachers of Dade, “Dade Association of School Administrators (DASA),” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) ak Konsèy PTAs/PTSAs Miami-Dade County.  Kendall Toyota ap prezante gayan ak kle yon Scion iQ tounèf.
Yo ap rekonèt tou finalis Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a e y ap anonse gayan an. Finalis yo nan lis ki ap suiv la:

  • Nò – Carlos Arturo Herrera Rivera, Meadowlane Elementary
  • Santral – Aaron Taylor, Henry E.S. Reeves Elementary
  • Sid – Jessica Mouttet, W. R. Thomas Middle
  • “Education Transformation Office (ETO)” (Biwo Transfòmasyon Edikasyon) – Mary Raynell Lantor, Morningside K-8 Academy
  • Adilt/Altèrnatif – Vera M. Ferguson, Lindsey Hopkins Technical Ed. Center

Pou plis enfòmasyon kontakte Biwo Patisipasyon Kominotè nan 305-995-1265. 

 

###

13-JS/010/GC/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès