|
SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO RESEVWA PRIM RONALD H. BROWN KOMITE TRAVAY NASYONAL 2013
Prezantasyon prim Ronald H. Brown Komite Timoun nan Travay Nasyonal 2013 bay Alberto M. Carvalho nan men Vincent Mai, Chèmann e CEO nan Cranemere LLC e Chèmann Komisyon Sesame Workshop e Chèman pou Prim Lewis Hine 2013; e Jeff Newman, Prezidan e Direktè Egzekitif, Komite Timoun nan Travay Nasyonal. Prim sa a onore lidè Ameriken ki simonte prejije e diskriminasyon e sèvi ak pozisyon piblik yo pou ede jèn kounye a pou fè menm bagay. Moun ki te resevwa prim nan déja gen ladan: Oprah Winfrey, Harry Belafonte ak Jorge Ramos nan Univision. (Se Lisa Berg ki Fè Foto a).
### 13/JS/011/GC/CF
|