|
GOUVÈNMAN MEKSIKEN PRAL ONORE SIPÈENTANDAN CARVALHO AVÈK PRIM Gouvènman Meksiken an fèk anonse Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral resevwa Prim Ohtli la, pi gwo onè pou nenpòt sivil ki ap viv deyò Mexico, ki dedye yon pati nan lavi li ak aktivite pwofesyonèl li pou “fòje yon nouvo chemen” aletranje pou lòt moun. Yo ap prezante prim sa a nan konferans nasyonal “National Association for Bilingual Education” (Asosyasyon Nasyonal Edikasyon Bileng) ki ap fèt 7-9 fevriye 2013, nan Lake Buena Vista, Fla. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Se yon gran onè dèske yo ap rekonèt mwen pou Prim Ohtli… Mwen vini nan peyi a kòm yon imigran, mwen konnen genyen defi menmjan gen opòtinite, e mwen chwazi pou m sipòte moun ki vin isit pou chèche yon meyè vi, ki sèvi pou amelyore gran kominote nou an e fè peyi nou an pi puisan.” Prim Ohtli selebre e fè konnen valè aktivite pou ede lòt, moun nan agaje l konstaman, pou pwomouvwa byennèt konpatriyòt nou yo. Yo bay endividi ki dedye yon gran pati nan vi yo e nan aktivite pwofesyonèl yo pou chèche pwosperite pou kominote Meksiken ki deyò peyi a e pou ouvè wout pou benefisye kalite vi popilasyon imigran an. Prim nan gen ladan yon medalyon, yon wozèt ajan e yon diplòm prezidan “Institute of Mexicans Abroad (IME)” (Enstitisyon Meksikan Deyò Peyi a) yon enstitisyon ki ap chèche ranfòse relasyon Mesiken avèk dyaspora li yo atravè anpil pwojè ki pwomote inite. Ansyen Anbasadè Nasyon Zini an Bill Richardson ak Phil Gordon, Phoenix Majistra, pami pèsonaj notab pou resevwa prim sa a. Pou plis enfòmasyon sou Prim Othli a, vizite www.nabe.org. ### 013-JJS/012/GC/CF
|