ELÈV AKADEMI FINANS GENYEN IPADS KOLÈJ BIZNIS FIU TE PREZANTE Plis pase 400 elèv twazyèm ane eskolè lekòl segondè Miami-Dade County ki anwole nan pwogram Finans Fondasyon Akademi Nasyonal te vizite Kolèj Biznis Inivèsite Entènasyonal Florid. Elèv yo te patisipe nan “I Am C2—College and Career Ready.” (Mwen –– Prepare pou Kolèj ak Karyè). Evènman an te konsantre sou prepare kounye a pou estaj ak kolèj e kòman opòtinite ap suiv. Pandan seminè a, Dtè. David Klock, Drayen Kolèj Biznis la, te bay elèv yo yon defi pou pataje eksperyans jounen an nan prezante yon redaksyon sou refleksyon nan sèvi ak milti-medya oubyen foma ekri. Se Manm Komite Egzekitif Konsèy Akademi Finans ki te jije redaksyon elèv yo te prezante. Gayan yo se Erica Reira ki soti nan Lekòl Segondè Coral Reef Senior ak Liurys Alvarez nan Lekòl Segondè Booker T. Washington. Toude te resevwa yon iPad. Anplis elèv yo te chwazi domèn ki enterese yo, yo te kapab angaje yo avèk teknoloji ki gen ladan vizite “State Financial Literacy Lab” (Labowatwa debaz Finans State Farm) nan kote elèv yo te sèvi ak tèminal òdinatè finans Bloomberg. Etou yo te tande plizyè nan Manm Konsèy Akademi Finans yo ki te pataje pwòp eksperyans, gidans e ankourajman yo. Pi gwo moman evènman an se te opòtinite pou patisipe nan plizyè atelye pwofesè FIU pou Finans, Kontablite, Biznis Entènasyonal ak Reklam te prezante. Akademi Finans la se yon manm nan “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal). Akademi NAF fonksyone kòm patenè dinamik an kolaborasyon avèk lekòl yo, pwofesè, administrate, volontè biznis, yon Komisyon Konseye aktif pwofesyonèl endistri a dirije. Elèv nan Akademi NAF konplemante etid debaz akademik avèk yon konsantrasyon sou youn nan tèm karyè ki ap suiv yo: Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Jeni oubyen Syans Sante. Foto agoch pou rive adwat: Flavio Carillo, Direktè, “State Farm Financial Literacy Lab” (Labowatwa pou Fòmasyon FinansState Farm); Liurys Alvarez, elèv; Dtè. David Klock, Drayen, Kolèj Biznis FIU); Erica Reira, elèv; ak Milagros R. Fornell, “M-DCPS Chief Academic Officer” (Chèf Ofisyèl Akademik Lekòl Leta Miami-Dade County). ### 13-JJS/015/DF/CF
|