|
YO NONMEN MARSHALL RUFFO MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A Yo nonmen Marshall Ruffo, yon pwofesè syans nan Lekòl Mwayen Centennial, kòm Meyè Pwofesè pou Ane 2014 Francisco R. Walker Miami-Dade County, nan yon seremoni ki te fèt nan Doubletree by Hilton Hotel & Miami Airport Convention Center. Senk finalis te ap fè konpetisyon ane sa a pou tit dezirab la, ki gen ladan yon moun yo nonmen pou chak nan twa rejyon Distri a, youn sòti nan Biwo Transfòmasyon Edikasyon, e youn soti nan Edikasyon Adilt/Altènatif. Salklas Ruffo se yon laboratwa. Li se papa fondatè C.O.A.S.T., ‘‘Centennial Ocean Academy of Science and Technology’’ (Akademi Syans ak Teknoloji Oseyanik Centennial). Misyon C.O.A.S.T. se avansman ak Konsèvasyon Anviwònman Maren atravè rechèch syantifik, konesans ak edikasyon nan matematik. Fleksibilite ak varyete se kle pou siksè Marshall Ruffo. Mesye Ruffo mete plant maren, plant/animal sovaj, grafik ak siy, pou konplemante miryad ekipman syantifik li itilize pou founi meyè kalite edikasyon pou elèv li yo. Bradley Sultz, yon pwofesè nan Akademi iPrep pran dezyèm plas la. Moun yo te rekonèt tou se te meyè pwofesè debitan yo. Yo te nonmen Mary Raynell Lantor, yon pwofesè nan Akademi K-8 Morningside kòm meyè pwofesè debitan pou ane a. Aaron Taylor, yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Henry E.S. Reeves te pran dezyèm plas kòm Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a. Enstitisyon ki te patwone seremoni Meyè Pwofesè pou Ane a se South Florida Educational Federal Credit Union, Foundasyon Fanmi Munilla / MCM, ansanm ak ko-patwonè Univision 23, United way of Miami-Dade, Kendall Toyota, Nova Southeastern University Abraham Fischler School of Education, Fox-Mar Photography, e an patenarya avèk Sendika Pwofesè Dade yo, “Dade Association of School Administrators (DASA),” ( Asosyasyon Administratè Lekòl Dade yo” ak Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs. Nan foto a (degoch adwat): Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dorothy Bendross-Mindingall, Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, Marshall Ruffo Meyè Pwofesè pou Ane 2014 Francisco Walker, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman ak Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Martin Karp.
### 13-JS/015/GC/SD
|