|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 1ye mas 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS AP OBSÈVE JOUNEN POU MENNEN PITIT OU NAN TRAVAY 2 ME 2013, AKOZ KONFLI ORÈ EGZAMEN FCAT LA
MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County pral obsève Jounen pou Mennen Pitit ou nan Travay jedi 2 me 2013 olyede 25 avril akoz konfli nan orè administrasyon ‘‘Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)’’ (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid).
Kòm FCAT la ap fèt 15 rive 30 avril, li nesesè pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) repwograme Jounen pou Mennen Pitit ou nan Travay parapò ak jou yo abitye obsève li nasyonalman ki se 25 avril pou 2 me, pou minimize entèferans nan egzamen yo.
Pwogram "Take Our Daughters And Sons To Work(r)” (Jounen pou Mennen Pitit Fi Gason ou nan Travay) te fèt pou li plis pase yon jounen karyè, ale pi lwen pase ‘‘shadow’’ (asiste) yon adilt. Ekspoze tifi ak ti gason nan sa yon paran oubyen yon konseye ki nan vi yo ap fè pandan jounen travay li enpòtan, men montre yo valè edikasyon yo, ap ede yo dekouvri puisans ak posiblite ki asosye pou balanse travay ak lavi familyal, e ba yo yon opòtinite pou pataje kòman yo anvizaje avni yo e kòmanse pran mezi anvè objektif final yo nan yon anviwònman pratik e entèraktif se kle pou akonpli siksè yo.
###
13-JS/017/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |