|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE PRAL SELEBRE JOUNEN ENSTRIKSYON DIJITAL Lekòl leta Miami-Dade pral selebre “Digital Learning Day (DLD)” (Jounen Enstriksyon Dijital) mèkredi 6 fevriye pou sipòte efò Distri a kontinye ap fè pou ofri opòtinite enstriksyon e dijital ansèyman inovativ. DLD an liy avèk inovasyon distri a nan pote teknoloji san fil nan salklas yo ak agrandi resous tankou Lyen pou Aprann ak Dekouvèt Edikasyon – pou elaji kad ekspoze elèv e resous dijital e ofri elèv yo opòtinte pou enstriksyon dijital. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te di “Ekite dijital se youn nan dwa sivil jenerasyon nou an, … Nou ap elimine dezè dijital nan bay elèv ak pwofesè nou yo pouvwa teknoloji 21yèm syèk nan Miami-Dade.” DLD se yon evènman tèt ansanm diran tout ane a pou mete mou okouran kapay nasyonal pou amelyore ansèyman e aprann pou tout timoun. Plizyè santèn distri lekòl, ak plizyè milye pwofesè ak plis pase yon milyon elèv nan tout peyi a ankouraje pou sèvi ak teknoloji innovativ nan eseye yon bagay nouvo, ekspoze siksè yo, kòmanse enstriksyon ki baze sou pwojè oubyen konsantre sou zouti dijital ki ap ede amelyore rezilta elèv yo.
Note Editè a: Nou ap disponib pou medya 6 fevriye kòmanse apwoksimativman 1:45 – 2:30 nan aprèmidi nan Oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Lekòl la, ki lokalize nan 1450 N.E. 2nd Avenue, Miami, FL.
### 013-JJS/019/VVL/CF
|