POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 8 fevriye 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY KÒMANSE ANE A AVÈK ONÈ

Elèv, pwofesè, lekòl ak pwogram “Miami-Dade County (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòmanse 2013 la ak yon koleksyon onè ak siksè enpresyonan.  Pami akonplisman yo:

“The Beacon Council Judges’ Special Award” (Prim Espesyal Konseye Jij Beacon): Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florid e Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho resevwa prim nan ane sa a pou vizyon ak gouvènans yo.

Prim Ohtli Gouvènman Meksiken:  Gouvènman Meksiken an onore Sipèentandan Carvalho ak prim Ohtli a, ki se pi gwo onè pou nenpòt sivil ki ap viv deyò Meksik, ki dedye yon pati nan lavi li ak aktivite pwofesyonèl li pou “fòje yon nouvo chemen” aletranje pou lòt moun.  Yo te prezante prim sa a nan konferans nasyonal National Association for Bilingual Education” (Asosyasyon Nasyonal Edikasyon Bileng) 7 fevriye.

Prim Ronald H. Brown: Sipèentandan Carvalho te resevwa Prim Ronald H. Brown nan pandan 27yèm Prim Anyèl Lewis Hine pou Sèvis li bay Timoun ak Jèn.  Yo te rekonèt Carvalho pou travay remakab li nan distri lekòl la, kote li kreye aksè egal pou kalite edikasyon siperyè, pran direksyon nan mouvman pou soti nan liv lekòl pou ale nan kontni dijital, e devlope anviwònman edikasyonèl dènye kri pou satisfè demand elèv sèjousi.

Prim Pi Bon Sèvitè Piblik Lavi Miami:  Yo bay Sipèentandan Carvalho Prim Pi Bon Sèvitè Piblik Lavi Miami pou ane 2013  pou amou ak sousi ekstrawòdinè li pou kominote Miami-Dade nou an kòm yon dirijan edikasyonèl pou katriyèm pi gwo distri lekòl leta Ozetazini.

Yo Nonmen yon Edikatè Veteran Tòp Direktè: “Florida Association of School Administrators' (FASA)” (Asosyasyon Administratè Florid) chwazi Dtè. Rosann P. Sidener, kòm Meyè Direktè pou Ane 2012. Sidener se yon veteran edikatè e administratè pou 34-ane nan M-DCPS.

Direktè ak Asistan Direktè M-DCPS se finalis pou prim eta a: Dtè. Pablo Ortiz e Denise Barrett-Johnson nan distri lekòl nou an se finalis pou Prim Akonplisman Direktè pou Gouvènans Ekstrawòdinè ak Prim Asistan Direktè Akonplisman Ekstrawòdinè.  Evènman an ap fèt nan Lake Buena Vista 11 fevriye.

Yo Nonmen Edikatè M-DCPS Finalis Kòm Pwofesè pou Ane Ozetazini: Yo nonmen Alexandre Lopes, yon pwofesè edikasyon espesyal Klas Matènèl nan Lekòl Elemantè Carol City kòm youn nan kat finalis k ap fè konpetisyon pou Prim Meyè Pwofesè pou Ane 2014 Ozetazini.  Yo ap anonse gayan an nan seremoni Semèn Rekonesans Nasyonal la 21-26 avril 2013, nan Washington, D.C.

 

###

012-JJS/020/GC/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès