POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 fevriye 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL AP VIN MIAMI, 24 FEVRIYE 
ENSKRI DAVANS SOU ENTENET KOUNYE A!

Reprezantan ki soti nan plis pase 200 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2013 la nan Miami, midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 24 fevriye, nan Doubletree Miami Airport Hotel and Convention Center, 777 N.W. 72 Ave.

Fwa gratis la ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la rankontre avèk reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo.  Anplis, yo pral ofri sesyon enfòmasyon sou èd finansyè, planifikasyon ak egzamen yo mande pou antre nan kolèj.  Y ap prezante sesyon yo chwazi yo ann Espayòl e an Kreyòl.  Konseye ak sant òdinatè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bous etid.

Se “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman an.  Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la.  Madan Hantman, ki ko-chèmann komite fwa lokal la depi plis pase 17 ane konsekitif di, “Fwa Kolèj Nasyonal la bay paran ak elèv yo aksè fasil ak enfòmasyon ekselan sou opòtinite edikasyonèl… Se yon bonjan fason pou yo vin enfòme e pou yo dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”

Ankò, ane sa a l ap pi fasil pou elèv mande enfòmasyon nan divès kolèj ak inivèsite nan Fwa Kolèj la.  Nan enskri davans, elèv yo ka enprime yon konfimasyon “bar-coded” (ki kode avèk ba) kòm yon idantifikasyon elektwonik e yo pap oblije ranpli kat enfòmasyon.  Elèv ak fanmi yo ka enskri davans nan gotomyncf.com.

Chak ane NACAC patwone fwa nan 54 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.  Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite dadeschools.net.     

Nòt editè a:
SILVOUPLÈ METE KALANDRIYE/EVÈNMAN KOMINOTÈ KI PRAL FÈT YO SOU LIS LA.        
                            

###

13-JJS/021/jam/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès