|
SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO AP ORATÈ PRENSIPAL NAN KONFERANS 2013 ASOSYASYON NASYONAL EDIKASYON BILENG (NABE), 7 FEVRIYE MIAMI – Yo chwazi Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho kòm oratè prensipal pou Konferans Entènas+yonal 2013 “National Association for Bilingual Education (NABE)” (Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Bileng) ki ap fèt nan Disney Coronado Springs Resort nan Lake Buena Vista, Florid. Avèk tèm “Bilingual Education: A World of Possibilities and Experiences Await You! Magic happens!!” (Edikasyon Bileng: Anpil Posiblite ak Eksperyans ap Tann Ou! Ap gen Mèvèy!!), Carvalho ap ouvri konvansyon an jedi 7 fevriye a 10:15 dimaten. Yo chwazi Carvalho pou ba li onè sa a paske li se yon defansè edikasyon kalite siperyè, kòmanse nan salklas kòm yon pwofesè syans, e atravè direksyon eksepsyonèl li kòm Sipèentandan Lekòl Leta Miami- Dade County – katriyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a. Anba direksyon Carvalho, Miami-Dade reyalize pousantaj gradyasyon lekòl segondè ki pi enpresyonan li janm atenn e li te wè elèv yo avèk konsistans ki t ap fè pi gwo nòt pase elèv nan menm nivo avèk yo nasyonalman nan egzamen Evalyasyon Nasyonal 2009 pou Pwogrè Edikasyonèl. Resamman, Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa Prim Broad pou Edikasyon Iben, yon prim anyèl ki onore distri lekòl atravè peyi a ki ap fè pi gwo pwogrè nan ogmante akonplisman elèv. Nan distri lekòl Miami-Dade, gen 91 pousan timoun ki soti nan fanmi minoritè, plis pase 50 pousan fanmi fèt nan lòt peyi e apeprè 75 pousan nan yo pale yon lang lakay yo ki diferan de Anglè.
Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Bileng se sèl òganizasyon pwofesyonèl nasyonal ki devwe pou reprezante Elèv Bileng ak pwofesyonèl Edikasyon Bileng. NABE gen asosye nan 20 eta ki kolektivman reprezante plis manm ki gen ladan Elèv Bileng ak “English Language Learner (ELL)” (Elèv ki ap Aprann Anglè), pwofesè, paran, parapwofesyonèl, administratè, pwofesè, defansè, chèchè, ak moun ki ap fè lwa. Misyon NABE se defann Elèv Bileng ak Elèv ki ap Aprann Anglè nan peyi a ak fanmi yo pou kiltive yon sosyete ki gen divès kilti e ki pale plizyè lang nan sipòte e pwomote règleman, pwogram, pedagoji, rechèch, ak devlopman pwofesyonèl ki pwodui siksè akademik, ki valorize lang matènèl, ki Mennen konpetans nan lang Anglè, e ki respekte divèsite kiltirèl e lengwistik.
### 13-JS/024/GC/CM
|