|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 12 fevriye 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO CHWAZI ALEXIS LEHRMAN NAN MIAMI-DADE POU RESEVWA PRIM PWOGRAM NASYONAL EKSTRAWÒDINÈ JÈN VOLONTÈ
Miami – Prim Pwogram “Prudential Spirit of Community” (Espri Prevwayans Kominotè) nonmen Alexis Lehrman, 14 an, yon elèv nan Lekòl Segondè “Design and Architecture” (Desen ak Achitekti), kòm youn nan 102 elèv volontè eta yo ap onore (de nan chak eta ak distri Columbia). Pwogram 18 an sa a ki nan tout peyi a onore jèn moun pou aksyon volontè egzanplè yo e Prudential Financial, Inc. an patenarya avèk “National Association of Secondary School Principals (NASSP)” (Asosyasyon Nasyonal Direktè/tris Lekòl Segondè) sipòte li.
Alexis, ki se yon elèv premye ane nan Lekòl Segondè Desen ak Achitekti, ranmase plis pase $50,000 nan senkan ki sot pase yo pou konba kont kansè nan sen nan rekrite zanmi ak atis pwofesyonèl pou ede li kreye penti ki tounen postè e vann yo nan Susan G. Komen pou evènman Gerizon yo.
Chak nan 102 elèv eta a onore yo ap resevwa $1,000, yon meday ajan grave, ak yon vwayaj tout-depans–peye pou ale Washington, D. C. nan kòmansman mwa me pou yo ale nan evènman kat jou rekonesans nasyonal yo ap klotire avèk seleksyon dis elèv kòm jèn volontè antèt nan Amerika pou 2013.
Ane sa a yo te rekonèt anpil jèn Onore nan Eta yo pou travay yo sou prevansyon nuizans, ranmase lajan pou rechèch kansè, e dèske yo bay moun ki gen andikap aksè pou yo fè plis aktivite.
###
013-JJS/025/TC/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |