POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 8 fevriye 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DTÈ. DULCE DE VILLA ADMINISTRATÈ VETERAN RESEVWA PWOKLAMASYON NAN  MIAMI-DADE COUNTY

Biwo Majistra a ak Komisyon Konsèy Komisyonè Miami-Dade County bay Dtè. Dulce Maria de Villa, yon administratè eksperimante Lekòl Leta Miami-Dade County yon pwoklamasyon nan Miami-Dade County pou gouvènans ak konpasyon li kòm yon edikatè.  Yo te onore De Villa pandan yon evènman resan pou tout county a nan DoubleTree Hotel and Resort nan Miami. Majistra Carlos Gimenez ak Chèmann Rebeca Sosa ak manm Komisyon Konsèy Komisyonè yo te pwoklame vandredi, 1ye fevriye, 2013 kòm Jounen Dtè. Dulce Maria de Villa pou onore li.

Dtè. de Villa di, "Se yon veritab onè e mwen pat atann yo t ap rekonèt mwen pou yon bagay mwen renmen fè … Se elèv nou yo ki finalman benefisyè sa yon polilasyon adilt edike retounen bay kominote nou an."

Yo te onore de Villa pou dosye sèvis pwofesyonèl siperyè li kòm yon administratè e direktè egzanplè nan plizyè lekòl adilt ak sant vokasyonèl ki gen ladan ‘‘The English Center,’’ (Sant Anglè) kote li te fè yon diferans fòmidab nan efikasite fonksyònman jounalye lekòl la.

 

###

13/JS/027/GC/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès