POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 12 fevriye 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV AKADEMI OSPITALITE AK TOURIS RANPÒTE LÒ NAN KONPETISYON ETA A

De ekip Ospitalite Lekòl Segondè Miami Beach ak Lekòl Segondè Miami Sunset ranpòte "lò" nan chanpyona eta a, asosyasyon restoran ak lojman Florid patwone.

Pandan de jou chanpyona eta a ki fèt nan Otèl Rosen Plaza nan Orlando, ekip elèv yo itilize ladrès vèbal, ekri ak teknik yo pou kreye yon evènman ak tèm ki itilize konpetans yo nan bidjè, pwomosyn ak planifikasyon meni. “Hospitality Knowledge Bowl” (Bòl Konesans sou Ospitalite) se yon prezantasyon jwèt nan estil evènman kesyon e repons ki teste konesans elèv yo nan jesyon otèl. Ekip Miami Beach la ranpòte premye plas e Miami Sunset ranpòte twazyèm plas evènman Pwojè Ospitalite a. Yo te bay Lekòl Segondè Miami Beach tou dezyèm plas nan kategori “Knowledge Bowl”. Yo te bay chak manm nan ekip yo $750 bousetid nan Inivèsite Johnson & Wales.

Elèv yo te antrene pou konpetisyon sa a ak gid konseye nan otèl Fontainebleau Miami Beach, Bentley Hilton ak, Intercontinental Doral, ansanm ak Dtè. Lupe Diaz, Karl Laxy, e Vanessa Fernandez.

Akademi Ospitalite ak Touris se yon manm nan ‘‘National Academy Foundation (NAF)’’ (Fondasyon Akademi Nasyonal). Akademi NAF yo fonksyone kòm patenarya e kolaborasyon dinamik ak lekòl, pwofesè, administratè, volontè biznis ak yon Komisyon Konsèy aktif pwofesyonèl endistri ap dirije. Elèv Akademi NAF siplemante etid debaz akademik yo avèk yon konsantrasyon sou youn nan tèm karyè ki ap suiv yo: Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Jeni ak Syans Sante.

Pou plis enfòmasyon konsènan pwosede NAF ak estaj pou ete a, silvouplè kontakte pwofesè anchaj nan lekòl respektif yo oubyen “School Choice & Parental Options Office” (Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran) nan 305-995-1922 oubyen vizite http://choice.dadeschools.net.

Nan foto a degoch adwat: Ranje Anlè a: Lekòl Segondè Miami Beach: pwofesè Patricia Gregory; Edwin Canal, Camila Medina, David Spiegel, ak Ryan Curtis. Ranje Anba a: Lekòl Segondè Miami Sunset: Gregory Naranjo, Diana Martinez, pwofesè Milagros Perez; Valentina Mondragon, ak Alejandro Contreras.

###

13-JJS/030/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès