|
PWOFESÈ, DIREKTÈ/TRIS AK ASISTAN DIREKTÈ/TRIS FINALIS NASYONAL POU ANE A SE ANPLWAYE M-DCPS De administratè nan Lekòl Leta Miami-Dade County te ranpòte tòp onè pou ladrès gouvènans siperyè yo pandan uityèm Somè Anyèl Komisyonè pou Direktè. Yo te nonmen Dtè. Pablo Ortiz, ansyen direktè Lekòl Segondè Miami Edison, kòm Direktè Ekstrawòdinè pou Ane a nan Florid, e yo te nonmen Dtè. Denise Barrett-Johnson, Asistan Direktris nan Lekòl Mwayen Lake Stevens, kòm Asistan Direktris Ekstrawòdinè pou Ane a nan Florid. Komisyonè Edikasyon Tony Bennett te prezante Dtè. Ortiz yon chèk $5,000 ak $1,000 adisyonèl pou lekòl li. Yo te prezante Dtè. Barrett-Johnson yon chèk pou $2.500 e $575 pou lekòl li. Vizyon okipasyon prensipal Dtè. Ortiz se te ogmante siksè elèv nan Lekòl Segondè Miami Edison, kote li te dirije yon chanjman kiltirèl ki gen patisipasyon elèv, pwofesè, anplwaye, paran, ak kominote a e li te dirije de ane chanjman ki pi dramatik nan nenpòt lekòl nan Florid. Anba gouvènans li, Miami Edison te gen premye ‘‘Silver Knight Award’’ li nan prèske 20 ane e twa elèv te resevwa Prim dezirab Bousetid “Gates Millennium.’’ Kounye a Dtè. Ortiz ap sèvi kòm Asistan Sipèentandan, Biwo Transfòmasyon Edikasyon. Dtè. Barrett-Johnson itilize ladrès gouvènans li pou kreye yon anviwònman ki gen sekirite, ki pozitif e akademikman rich pou elèv li yo. Nan de ane ki sot pase yo, li te travay pou konstrui yon pwogram ansèyman ki fè siksè nan Lekòl Mwayen Lake Stevens, ki te kontribye nan amelyorasyon nòt lekòl la a yon "B." Akonplisman ki pi remakab li kòm yon asistan direktris gen ladan kreyasyon pwogram ansèyman debaz, edikasyon etid sosyal, konstrui patenarya ant fanmi e kominote a, e motive pwofesè, anplwaye, ak elèv. Li kwè edikasyon se yon efò kominotè ki mande envèstisman ak resous tout moun ki enterese. ‘‘Council of Chief State Schools Officers’’ (Konsèy Ofisye Anchèf Lekòl Eta a) nonmen Alexandre Lopes, Meyè Pwofesè pou Ane 2013 `‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm youn nan kat finalis pou Prim Pwofesè Nasyonal pou Ane a. Li rankontre ak edikatè nan Maryland, New Hampshire ak eta Washington ki nan liy pou prim nasyonal la. Filozofi Lopes se "Li mande bon sans pou fè ansèyman fè sans." Yo ap anonse ganyan an nan yon seremoni nan Mezon Blanch pandan Semèn Nasyonal Rekonesans la, 21-26 avril, 2013, nan Washington, D.C. Nòt Editè a: Atachman foto
Nan foto a: (goch-dwat) Alex Lopes Pwofesè Nasyonal Finalis pou Ane a, pwofesè nan Lekòl Elemantè Carol City; Perla Tabares Hantman Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade; Dtè. Pablo Ortiz Direktè Ekstrawòdinè pou Ane a nan Eta Florid, ansyen direktè nan Lekòl Segondè Miami Edison; e Dtè. Denise Barrett-Johnson, Asistan Direktris Lekòl Mwayen Lake Stevens, Asistan Direktris Ekstrawòdinè pou Ane a. ### 13-JS/031/GC/SD
|