|
LEKÒL SEGONDÈ SOUTH DADE RANPÒTE DEFI MIAMI HEAT POU MWA ISTWA NWA 2013 Yon ekip elèv ki soti nan Lekòl Segondè South Dade kale lòt elèv parèy yo ki soti nan Lekòl Segondè Miramar Broward County pandan 4yèm Anyèl Defi Miami HEAT pou Mwa Istwa Nwa, e yo te genyen yon don $4,000 pou lekòl la ak tikè HEAT pou ekip la. San (100) nan kamarad yo bat bravo pou ekip la e tou yo te resevwa mayo Miami HEAT. Se pou premye fwa depi li te kòmanse kat ane de sa, Lekòl Leta Miami-Dade ranpòte tit chanpyon kont Lekòl Broward County. Jason Jackson, ki sèvi kòm pòt pawòl Miami HEAT, te òganize konpetisyon an.
### 13-JS/032/HD/SD
|