FOR IMMEDIATE RELEASE
Jedi 21 fevriye 2013

CONTACT: John Schuster
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1126

ELÈV LEKÒL SEGONDÈ MIAMI SUNSET PWOMOTE BENEFIS SOU EDIKASYON FINANSYE

Elèv “Academy of Finance (AOF)” (Akademi Finans) Lekòl Segondè Miami Sunset te prezante konsèy finansye nan yon Reyinyon Kominotè Dtè. Marta Pérez, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 8. Elèv AOF yo adrese plizyè sijè kòmanse sou sèvis bankye rive sou prè pou elèv, ki te sèvi kòm yon rapèl enpòtan pou tout moun ki te prezan.

Miami Sunset ouvè yon branch nan “South Florida Educational Credit Union” (Kredi Inyon Edikasyonèl Federal Sid Florid) (Finans Excalibur) elèv AOF ap jere. Yo fòme elèv sa yo pou bay elèv kamarad yo enfòmasyon sou enpòtans ekonomi pou lavni e estrateji efikas pou jere lajan.

Akademi Finans Sunset se yon manm nan ‘‘National Academy Foundation (NAF)’’ (Fondasyon Akademi Nasyonal).  Akademi NAF yo fonksyone kòm patenarya e kolaborasyon dinamik ak lekòl, pwofesè, administratè, volontè biznis ak yon Komisyon Konsèy aktif pwofesyonèl endistri ap dirije.  Elèv Akademi NAF siplemante etid debaz akademik yo avèk yon konsantrasyon sou youn nan tèm karyè ki ap suiv yo: Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Jeni ak Syans Sante.

Pwogram Finans Sunset la se yon “Gold Seal” (So Annò) e yo se gayan prim nasyonal “Future Business Leaders of America Chapter (FBLA)” (Chapit Lidè Fiti Biznis ann Amerik). Yon etid Asosiyasyon pou Karyè ak Edikasyon Teknik te fè montre elèv ki patisipe nan FBLA depase kamarad lekòl parèy yo nan GPA, SAT/ACT ak to gradyasyon.  NAF rapòte tou elèv yo gradye ak yon to ki pi wo si yo se yon manm nan yon akademi NAF.

Pou plis enfòmasyon konsènan AOF nan Lekòl Segondè Miami Sunset, silvouplè kontakte Terence Williams nan 305-385-4255, ekt. 2238 oubyen vizite http://choice.dadeschools.net pou enfòmasyon sou divès tèm-karyè akademi an ak estaj ete.

Foto Elèv Akademi Finans degoch adwat: Elizabeth Alvarez, President/CEO Miami Sunset FBLA ak Osmany Lopez, Vis Prezidan Afè Kominotè Miami Sunset FBLA

# # #

13-JJS/034/DF/SD

Back to News Releases