FOR IMMEDIATE RELEASE
Madi 26 fevriye, 2013

CONTACT: John Schuster
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1126

SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL DIRIJE DISKISYON SOU ESTANDA DEBAZ KOMEN NAN SOMÈ EDIKASYON FLORID, 27 FEVRIYE

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, pral dirije yon diskisyon sou Estanda Debaz Komen nan Somè Edikasyon Florid, "Kraze Medyokrite – Enplemante Estanda Debaz Komen," Konsèy 100 Florid, Chanm Komès Etazini, Fondasyon Chanm Nasyonal, Fondasyon Chanm Komès Florid ak AT & T te fè.  Panèl diskisyon ap gen ladan Robert Corcoran, Prezidan ak Chèmann Fondasyon GE; Dtè. William Schmidt, Pwofesè Distenge, Inivèsite Eta Michigan, Jason Zimba, Kofondatè, Patenarya Akonplisman Elèv; ak Kelli Wells, Direktè Pwogram, Edikasyon Etazini, Fondasyon GE.

Somè edikasyon Florid la mete ansanm lidè edikasyon nasyonal, eta ak lokal ak biznis yo ki va reyini pou egzamine sitiyasyon sistèm edikasyon K-12 Florid ap afwonte solisyon pou amelyore siksè elèv yo. Patisipan yo genyen ladan Tony Miller, Sekretè Adjwen Depatman Edikasyon Etazini, Dtè. Tony Bennett, Komisyonè Edikasyon Florid, e Marshall M. Criser III, Chèmann Konsèy 100 Florid e Prezidan AT & T Florid.

Evènman an ap fèt mèkredi 27 fevriye nan Orlando, Florid e yo ap pase li sou Entènèt nan http://www.silverdigitalmedia.com/council100.html.

 

# # #

013-JJS/36/VVL/SD

Back to News Releases